Tonto
by on April 20, 2022
372 views
Resèt Lanbi korman pouw prepare yn bon lanbi lakay ou
Slogan: jere sante w moun mw yo.
Engredyan:
Wap bezwen lanbi an
Wap bezwen zoranj si nan lanbi ou pa itilize sitron lh wap netwaye l
Wap bezwen anpil dlo pouw byen lavel paske l glise anpil
Wap bezwen yn ti mato kwizin yo ou yn manch pilon siw pa genyen l
Wap bezwen yn kouto byen file pouw ka filange lanbi an byen mens
Wap bezwen epis
Wap bezwen pimandous ak piman pike
Wap bezwen ten ak pèsil
Wap zonyon.
Preparasyon:
Wap bezwen yn kastròl kigen kouvèti ou yn chodyè ki gen kouvèti
Wap mete lanbi ou an kew te asirew ki byen lave ak dlo et ak zoranj si an
Wap metel nan kastròl la poul bouyi sonje yo pa metel bouyi ak epis kigen sel ni sitron wap kitel bouyi pou 50minit a 1èdetan sa depann de veso ou toufe lanbi w la poul ka byen bouyi
Apresa lh li fin krit wap metel atè pouw ka al episel kounya
Epis ou genyen ou konn itilize a ou ka metel ladanl paske li fin krit ou ka mete sel tou ni sitron siw renmen manjel ak bon asid
Wap rache zonyon ak pimandous lan nan fom ou renmen l et janw vle ranje manjew lan lh fin fel
Wap mete yn ti lwil ladanl tou piti pouw ka ajoute lot epis ou renmen mete nan manje w la poul ka byen gou wap mete piman pike siw vlel byen pike
Ou ka manjel ak diri blan ou bannan peze.
Nb:al fel wa banm repons nan yn kormantè .
Posted in: Recipe
Be the first person to like this.