Tonto
by on April 17, 2022
187 views
Resèt Akra (Acra)
Pouw fe yn bon Acra (akra) men kisa wap bezwen.
Engredyan:
Tayo malanga
Pimandous
Piman pike
Epis tt sa ou konn itilize nan kuizin ou
Zonyon
Pèsil
Zoranj su
Mori ou aransò
Preparasyon:
Ou kale tayo ou an,ou lave byen lave epi ou grajel.
Ou rache zonyon an ak pimandous ou an an petide
Ou tchake pèsil ou an byen fen ni piman pike a.
Epis la ou preparel tankou yn epis pou epise vyann
Ou pire zoranj ou an ou pran dlo an san zès pa ladanl, lhw fini sete mori ou genyen ou pran mori an ou pasel sou dife nan yn ti kastròl ak yn bon kantite dlo lhl fini ou retire tt zo yo ki ladanl epi ou rachel piti piti pou pa tro paret ladanl, sete aransò an tou ou pa bezwen bouyil men ou metel tranpe pouw ka retire zo yo menm jan ak mori an.lhw fin prepare tt bagay ou kote ou t graje tayo an ou melanje tout ladanl sou mezi poul pa gen trop sel nan menw.
Ou kite remize pou yn ti tan poul ka byen gou apresa ou fril nan yn bel lwil
Epi wal byen manje.
Nb:ou ka servil kom antre nan yn fèt ke wap fe lakay ou
Posted in: Recipe
Like (1)
Loading...
1