Tonto
by on April 19, 2022
333 views
Resèt Lalo siw bezwen manje yn bon Lalo men korman pouw fèl.
Engredyan:
Wap bezwen lalo an
Wap bezwen vyann nenpot vyann ou manje ou ka fel avel(m renmen lel gen anpil vyann)
Wap mete krab siw manjel
Epis lhm di epis tout kalite epis ou konn itilize pouw fe manje
Wap bezwen bon pimandous ak bon piman pike pou moun ki manje anpil piman yo
Pa bliye pèsil ak klou de jirof poul ka fe yn bel bouke gani poun mete ladanl
Zonyon gen moun ki renmen mete zonyon nan legim yo .
Preparasyon:
Wap netwaye lalo an byen netwaye,wap lavel nan plizye dlo apresa ou rachel pouw pa nan pilel
Wap epise vyann yo bien epise ou kite fè yn ti tan repo pou epis lan ka bien rantre ladanl
Wap pran yn chodyè ou we ki ka pran ni lalo an ni vyann nan ansanm pouw toufe epiw metel sou dife ou asire ou mete tt epis ou ladanl byen pouw ka jwenn yn bon rezilta epi ou kite l byen bouyi.
Lh lalo an fin krit ni vyann nan ou goutel pouw we siw bezwen mete epis ankor
Nan menm dife li ye a ou desann ladanl pouw ka ajoute pimandous la ak bouke gani ou te fe an
Ou kitel fe yn ti bouyi ankor poul ka byen gou ou ajoute zonyon an si wap mete paske se pa tout moun ki metel nan legim.
Nb: al byen manje lhw fin fè yn bon lalo konsa ak diriz blan
Posted in: Recipe
Be the first person to like this.