Findout
by on May 22, 2023
133 views
Sou mach Vètyé
Li plase drapo li
Li wete chemiz li
Li wete bòt li
Li poze chapo li
Nan pye zansèt yo
Li sakrifye tèt li
Li imole tèt li
Li ofri nanm li
Li bay soufrans li
Anba je tout moun
Li met jenou li a tè
Yon dènye priyè
Ki fèt ak tout kè
Pou kwape lamizè
Sou plas libète
Li pa mande
Li pa rele
Li pa kriye
Li pa rekile
San li pa di yon mo
Nou tout konprann jès la
Nou tout tande mesaj la
Nou tout pran sakrifis la
Ki sa n ap fè kounye a ?
RIP Karl-Udson
Muriel Vieux
#TheAmericanHaitianPoet
22 Me 2023
©Tout dwa rezève
Posted in: Poetry
Like (1)
Loading...
1