Tonto
by on April 28, 2022
332 views
Deskripsyon jèn kounya:
Liv li plen pousyè,
Men tenis li klere
Poutan li pa enkyè:
"Kite m jwi lavi m, m pa konn kilè m prale "
Chak jou l ap bwè byè
Li ret nan "pliplipliye"
Poutan paran l kwè
Demen sou timoun sa l ap apiye.
Yon timoun trè anlè :
?Se timoun demil mwen ye?.
San remake l anbè tè
E pwòp tèt li l ap touye.
Nan plede bwè pou w sou
Kè w vinn di pase wòch,
Ou bliye si gen moun ki konte sou ou
E abitid sa ka fè avni w dwategòch.
Malgre tou ou gen anpil talan,
Telefòn ak alkòl li lè pou w pase w de yo,
Se lè pou w jwe yon lòt wòl nan fim lavi an
Sinon pèsonn moun p ap wèw kon ewo.
Tout jan w ta dekri jèn kounya li p ap bon,
Men si l resezi l gen espwa,
L ap fon pa pi douvan
E kont tout parès l ap gen viktwa.
Tèks:Slamstrong
Desen:Art Frandley
Posted in: Poetry
Be the first person to like this.