SANTE
on May 23, 2022
147 views
Dandelion alyas Pisanlit: Youn Nan Gwo Plant Sou Latè
Non syantifik: Taraxacum officinale
Anglè: Dandelion
Panyòl: Diente de león | flor de macho
Fransè: Pissenlit
Pisanlit (dandelion), se yon plant nou ka konsome tout pati nan li. Moun ka konsome fèy wòwòt yo tou kri konsa oswa frikase yo. Rasin yo bon tou pou n manje, yo bay menm ti gou ak navè. Yo fè diven ak flè pisanlit la fèmante. Li chaje antiyoksidan, mineral ak bon vitamin. Plant lan se yon tonik puisan ki bon pou sante global kò a. Ou ka bwè l kòm te oswa ou ka fè tonkti (tranpe) ak li. Rasin lan bon pou maladi fwa ak pwoblèm gastwoentestinal. Fèy pisanlit yo pami dyeretik ki pi puisan yo.
Kèk Pwopriyete Plant sa Genyen:
- Dyabèt: Youn nan maladi plant sa popilè nan konbat se maladi sik. Lè w pile fèy pisanlit pou w pran ji a pou bwè, li estimile pwodiksyon ensilin nan pankreya a, sa ede regilarize nivo sik nan san an ak chanjman britsoukou nan san nou.
- Kolestewòl: Li diminye move kolestewòl, e ogmante bon kolestewòl nou.
- Tansyon: se yon dyeretik puisan, gras ak sa li ede elimine diplis sodyòm ki nan kò nou epi desann nivo tansyon nou.
- Fòtifye Sistèm Iminitè Kò a: Tout pati nan plant la ede kò a elimine kò fonjik ak mikwòn nan sistèm nou. Li ranfòse aparèy defans kò a.
- Pirifikasyon San: Se youn nan plant ki pirifye ak detoksike san pi byen, e se yon dyeretik puisan. Li ede detoksike ògàn ren nou byen; se yon plant kle nan estimilasyon vesi ak fwa nou; plant sa fè sa nan fason l eliminie ak pwodui pipi (dyeretik). Li se yon bon dyeretik paske non sèlman li elimine dlo ak sèl nan kò nou, ki lakoz nou pèdi potasyòm, li ranplase potasyòm sa yo la pou la.
-Maladi Fwa: se youn nan pi gwo plant pou pran swen fwa nou. Depi se maladi fwa, youn nan plant kle pou n panse se pisanlit. Kit fwa a anfle ou ap senyen, si w gen siwoz ou Hepatit, ou jis bezwen konsome pisanlit, verifye pou wè si l pa kont-endike avèk remèd doktè n ap pran an. Se antiyoksidan ak vitamin ki nan plant lan ki geri ak pwoteje fwa a. Nou ka fè dekoksyon melanj 1 ponyen rasin pisanlit ak 1 kiyè grenn chadwon (Milk Thistle), bwè 3 tas pa jou anvan nou ale nan koze transplant,nou pa ka menm bezwen sa ditou.
Lòt Puisans Pisanlit genyen:
-Prevansyon ak Trèman Kansè
- Prevansyon kont Anemi (Karans an Fè)
- Anti-enflamasyon
- Pwoblèm lèt (nouris)
- Mastitis (mastit): enfeksyon nan tisi tete yo, sa ki enpoze lèt desann si fanm lan nan faz laktasyon (ap bay tete).
- Netwaye Kanal Irinè
- Ede konbat Atwoz
Itilizasyon ak Pozoloji:
- 3 tas pa jou | Bouyi 25g sèch oswa 30g vèt rasin ou fèy nan 1 lit dlo pou 7-10 minit. Ou ka fè enfizyon ou tranpe pati plant w ap itilize a pou 21 minit, bwè l san sik ak sèl. Ou ka prije 3 gout sitwon pou gou si w vle.
______________///_________///___________///________________
#Medikaplant | #Pisanlit | #dandelion
Dimension: 132 x 160
File Size: 11.32 Kb
Be the first person to like this.