Eske nou konn tande pale de medikaman sa Plan 7 jou?
Li rele citaloprame, se yon medikaman ajan marketing kap vann medikaman nn bus vann anpil
Yo relel plan 7 jou, ajan marketing yo vann li Pou vita... View moreEske nou konn tande pale de medikaman sa Plan 7 jou?
Li rele citaloprame, se yon medikaman ajan marketing kap vann medikaman nn bus vann anpil
Yo relel plan 7 jou, ajan marketing yo vann li Pou vitamine
Kisa medikaman sa ye menm?
Se yon antidepresseur sa vle di yon medikaman ki kont depresyon
Lè moun pran medikaman sa li aji direkteman sou sèvo moun nn li al aktivite yon hormone yo rele serotonine( hormone ki fèw santiw byen)
Men medikaman sa gen gro danje ladanl tou,
Mesye yo konsomel anpil paske marketing yo di li bay bann, e yo vann li Pou vitamine.
En jeneral li pa gen anyen Pou wè ak vitamine
Li gen anpil efè sekondè,
Moun ki fè kè paka pran medikaman sa
Li dekonseye Pou timoun ki poko gen 18 ans
Moun ki gen problem rein
Li dekonseye Pou moun Pranl siw konsome alcool anpil
Li gen anpil efè sekondè
Li ka koz ou pa sou fè bagay( baisse de libido)
Li ka baw Diarhée ou constipation,vomisman,tet fèmal,bouch sèch, li ka rann ou ajite,li fèw fè move rèv, li fè tout kòw fèw mal,demanjezon elatriye.
Donk li pa ni vitamine ni Pou bann
Evite konsome bagay nou pa konnen sans Avis yon profesyonel santé
NB: li bay trouble erection, li ka few bande nan yon nonb tan ezajere (paske li ka koz ou mal Pou voye),konsa tou li ka few pa janm bande, e fèw pa janm sou fè bagay
Dr Celestin Bristingson
Partagez et sauvez des vie
*REMÈDE EFFICACE POUR EN FINIR DÉFINITIVEMENT AVEC L'ASTHME*
```En réalité la plupart du temps, la souffrance qu'endurent beaucoup n'est véritablement pas dû aux maux ,ma... View morePartagez et sauvez des vie
*REMÈDE EFFICACE POUR EN FINIR DÉFINITIVEMENT AVEC L'ASTHME*
```En réalité la plupart du temps, la souffrance qu'endurent beaucoup n'est véritablement pas dû aux maux ,mais à l'ignorance.
Beaucoup sont ceux-là qui ont traîné ou trainent ce mal presque toutes leurs vies ,malgré les sacrifices financiers qui sont malheureusement faits pour se procurer de simples calmants à utiser presqu'à vie, ignorant les merveilles qu'offre la Nature...
Avez-vous déjà tout essayé en vain !?
Pour se débarasser naturellement et définitivement de l'asthme, il faut juste disposer de :
Ingrédients
- Deux oignons 👉🏼 rouges(de taille moyenne )
- L'eau de coco 👉🏼 non mûr
- Une seule gousse d'ail bio
Comment procéder !?
- Éplucher et rincer correctement les oignons et la gousse d'ail puis les écraser ou les mixer dans une moulinette.
- Verser le jus obtenu dans un verre et ajouter l'eau de coco et bien mélanger.
Posologie
Prendre ce mélange à jeun le matin et attendre au moins 1 heure avant de manger. 👉🏼 ( pendant 15 jours)
Conseils
En traitant l'asthme, il est conseillé d'éviter les boissons glacées et d'éviter les endroits froids (climatiseur ,ventilateur...)
Que la maât nous illumine ❤️⚖️```
Maman divine :+22964099338
Yon manman ki pote yon ti moun pandan 9 mwa nan vant li Si ti moun sa ta arive malad eske manman sa k bal san?
Eske se vre tout moun ki gen group sangen O yo pa malad fasil?
Eske'w t konnen ou k detè... View moreYon manman ki pote yon ti moun pandan 9 mwa nan vant li Si ti moun sa ta arive malad eske manman sa k bal san?
Eske se vre tout moun ki gen group sangen O yo pa malad fasil?
Eske'w t konnen ou k detèmine group sangen yon ti moun depi nan vant manman'l
Ann kontinye fè lekti a nou pral jwenn repons tout kesyon sa yo.
Gen anpil moun ki panse yon manman ka bay pitit li san paske se li ki fè pitit la se san'l ki nouril se tou nòmal li ka bal san poutan se pa vre selon lwa medikal la pou bay yon moun san fok li gen menm group sangen avew(fok san yo konpatib) si yon moun pa gen menm group sangen avew wal bal san moun sa kapab menm arive mouri.pou yon manman bay pitit li san fok li gen menm group sangen ak pitit la se pa paske se li kite potel nan vant pandan 9 mwa pou pansel k bal san dayè pandan gwosès la san manman ak san pitit la pa melanje ansanm.
Si yon manman O+ pitit li ta A+ ou B+ ou AB+ oubyen O+ li ka bal san paske yon konpatib men si manman A+ pitit la O+ li pap ka bay pitit la san.
-Pafwa nou konn tande yo di tout moun ki gen group sangen O yo di moun sa yo pa malad fasil yo di moun sa yo gon bon sistèm iminitè sa yo di a li pa yon reyalite absoli se vre daprè etid ki fèt moun ki gen group sangen O moun sa yo pa trò riske pou yo ta fè maladi sik(diabète type 2) men poutan gen anpil moun ki Gen group sangen O ki diabetik
Pa gen kesyon de group sangen nan maladi sak enpòtan se mennen yon vi ki sen evite manje nenpòt ki jan toujou mete prezèvatif lè wap fè bagay se sa kap fèw pa atrape maladi
-pou moun ki gen group sangen AB yo moun sa yo gen anpil risk pou yo fè AVC(accident vasculaire cérébral) akoz ke yo gen tròp proteine de coagulation nan sang yo. men poutan sa pa vledi si yon moun gen group sangen AB lap fè AVC.
Pou moun ki gen group Sangen A yo moun sa yo gen anpil chans pou yo ta devlope yon cancer nan l'estomac. Menm si yo pa vrèman konnen ki rezon ki ka koz sa poutan gen anpil moun ki gen Group sangen A eske yo fè cancer estomac? Sa k rive men sa pa vledi depiw gen group sangen A wap fè cancer estomac ki donk
Kelkeswa prédisposition génétique ou. Ou ka toujou malad sak enpòtan se prevansyon pou nou fè mennen yon vi ki sen.
-Li fasil pouw gen yon ide konsènan group sangen pitit ou depi nan vant tout fwa ou konn group sangen paw ak group sangen mariw. Pa egzanp 2 moun ki gen menm groupe sangen O ki marye tout ti moun yap fè yo ap gen group sangen O si ta gen nan ti moun yo ki gen group sangen A ou B ou AB ou mèt konnen gon bagay ki pa mache sa k rive fi an ka fon fo pa😀.
2 moun ki menm group sangen AB piti yo ap AB. Si ta gen nan ti moun yo ki O ou mèt konnen gon flay ki fèt.
Si papa O manman A ti moun yo ap A oubyen O men gen plis chans pou yo A
Si papa B manman A ti moun yo ap: AB ou A ou B ou O yap gen plis chans pou yo AB.
NB: si papa O manman O sa k rive tt ti moun yo gen group O epi k gen flay ki fèt si pa egzanp manman t fon ti jwèt lago ak yon lòt nèg ki gen menm group sangen O 😀 sak enpòtan pou konnen si yon ti moun pou ou se ADN.
*✴️BON À SAVOIR POUR LE BIEN
1- La noix de coco et l'arachide sont activateurs de la libido.
2- La carotte et le concombre boostent le sperme !... View more*✴️BON À SAVOIR POUR LE BIEN
1- La noix de coco et l'arachide sont activateurs de la libido.
2- La carotte et le concombre boostent le sperme !
3- La natation améliore votre Mémoire.
4- La danse réduit le stress, le sexe est bon aussi mais n'en abusez pas.
5- Les exercices physiques prolongent la vie.
6- Parler fréquemment avec enthousiasme est un anti-âge.
7- La masturbation peut affecter la vue affaiblir le pénis et réduire votre libido à partir de 50 ans
8- La cavité buccale congestionnée est potentiellement dangereuse, brossez vos dents matin et soir.
9- Le haricot est un anticancéreux, vous pouvez enlever la peau si cela vous dérange après avoir mangé.
10- Manger du poisson fumé est suicidaire car c'est du monoxyde double et pourrait provoquer des cellules cancéreuses.
11- Le bœuf est très dangereux pour les personnes au-dessus de 40 ans.
12- Le lait n'est pas vraiment idéal pour ceux qui ont le ballonnement et le mal d'estomac après avoir bu.
Cela indique la fermentation du lait dans le système.
13- Les boissons gazeuses et les jus ne devraient pas être abusés.
Vous pouvez préparer votre propre jus de fruits.
Ne pas accumuler du sucre synthétique dans votre corps.
14- Faites de la pastèque votre compagnon car il nettoie votre foie et reins et améliore leurs fonctions.
15- Mangez des pommes, des carottes, des oignons et d' autres légumes tous les jours.
16- Arrêtez votre respiration pendant au moins une minute lorsque les gens toussent ou éternuent, surtout dans un enclos ou dans un transport en commun.
17- Se laver les mains régulièrement est un principal moyen d'empêcher certaines infections.
Faites bon usage de ces conseils...
Angle rue Jean Pierre et rue Christophe,Port de paix! Pase jere sante nou!
BONJOUR MES LECTEURS ✅🌿
🌴SIMPLE ET EFFICACE REMÈDE POUR EN FINIR AVEC LA GALE🌱🌱
La GALE est une infection parasitaire causée par le sarcopte, cutanée et contagieuse caractérisée par une éruption de... View moreBONJOUR MES LECTEURS ✅🌿
🌴SIMPLE ET EFFICACE REMÈDE POUR EN FINIR AVEC LA GALE🌱🌱
La GALE est une infection parasitaire causée par le sarcopte, cutanée et contagieuse caractérisée par une éruption de vésicules transparentes à leur sommet, qui se développent principalement au pli des articulations, et qui sont toujours accompagnées de démangeaison.
Pour s'en débarrasser ,il faut disposer de :
🌱✅🍁🌿✅Ingrédients
✅- Cinq (5) à six (6) feuilles de tabac
✅- Une poignée de basilic africain
✅- Une poignée du clou de girofle
✅🍁🍁 UTILISATION
Faire bouillir ces ingrédients (basilic et feuille de tabac et clou de girofle ) dans un litre d'eau jusqu'à ce qu'il reste la moitié de cette quantité (demi litre 👉🏼1/2 L)
✅🍁 Comment l'utiliser
Appliquer l'eau obtenue de cette décoction sur les parties atteintes de préférence la nuit après un bon bain à l'éponge et au savon(antiseptique si possible )
Bonswa Ayiti ! men non a men kijan operasyon Carel te di yo tap fè pou Mika sou sèn nan ye,operasyon sa te ka pemèt li ret an vi,pataje tèks sa pou plis moun jwenn konensans paske anpil moun te twouv... View moreBonswa Ayiti ! men non a men kijan operasyon Carel te di yo tap fè pou Mika sou sèn nan ye,operasyon sa te ka pemèt li ret an vi,pataje tèks sa pou plis moun jwenn konensans paske anpil moun te twouve sa biza ke yap opere yon moun sou yon sèn, eben vin aprann
Mwen pa menm bezwen mande nou kòman nou ye , mwen konnen nou mal aprè desè inatandi yonn nan atis ki okipe yon gwo plas nan kè Chak Ayisyen, Mikabenn.
Nou pwofite salye depa Atis la e voye gwo mo senpati bay fanmi l, zanmi l, fanatik li yo epi tout Ayisyen ke sityasyon sa touche.
Mwen fè post sa tou pou m pwofite reponn yon kestyon anpil moun poze m sou kek forum/rezo sosyo ke mwen ye an reyaksyon ak yon tweet Carel Pedre te fè pou di ke medsen yo ap fè Mikabenn yon operasyon sou sèn nan. Anpil moun tou mande ki tip doperasyon operasyon sa ye? Genyen ki ale pi lwen pou mande Poukisa yo pat kouri lopital avèk li olye yo te rete ap bal swen sou sèn nan.
Ebyen mwen ap eseye pote kèk eleman repons pou nou.
Avan tou nou dwe raple ke chantè 41 lane a te viktim de yon arè kadyak aprè ke li te fin bay yon pèfòmans 5 etwal nan konsè Reyinyon Carimi an a paris nan Accor Arena a. Yon arè kadyak gendwa gen plizyè koz , nou pa gen tout enfomasyon yo sa revni ak Ekip Medsen lejis Ke Depatman Jistis Fransè pral mete sou dosye a pou presize koz arè kadyak sa aprè ke yo fin fè otopsi. Kidonk nou pa vle espekile, se tann poun tann.
Anpil fwa lè kè yon moun rete sibitman konsa li konn soti nan koz vaskilè sa vle di yonn nan veso ki ap bay kè a san( nouri kè a ) sa nou rele atè koronè yo ki konn bouche, sa depann de ki gwosè veso sila ak ki kantite sifas nan kè a , ak ki enpòtans fizyolojik zòn li bay san nan kè a genyen , li ka jis pwovoke sa nou rele yon enfaktis myokad ( sa vle di yon zòn nan kè ki pa jwenn oksijènn, ki soufri epi finalman pèdi fonksyonl) oubyen tou li ka koze yon arè kadyak depandaman de tout konsiderasyon nou sot fè yo.
Lè sa rive ebyen gen anpil manèv sekouris yo ka fè pou eseye fè kè a repati lè sa nou pale de teknik de reyanimasyon
Yonn konn fè sak rele
1.- Masaj kadyak la
2.- Yonn konn fè metòd bouch ak bouch la ki baze sou yon je presyon
3.- lè sa pa mache ou ka itilize sa nou rele defibriyatè a ki se yon dispositif elektronik ki otomatik
4.- lòt mannèv toujou se Bay pasyan an adrenalin entrakadyak
5.- entibasyon etc….
Tout jès sa yo mwen di a dwe fèt nan yon tan rekò
Lè yon ekip ijans fè tout metòd sa yo , kè pasyan an pa tounen bat men yo sispèk kè sèvo a toujou an fonksyon ( ka sa nou pale de mort cardiaque) lontan yo te konn transpotel nan sak operasyon pou fè yon chiriji kadyak si Lopital la ekipe ak espesyalis epi materyèl pou sa pou eseye fè yon egzamen pandan yap opere pasyan an ki rele coronarographie pou wè kilès nan atè yo ki bouche epi debouchel pou kè a repati. Operasyon sa toujou se yon operasyon ki dwe fèt vit sinon pa gen chans oubyen si yo pran twop tan pasyan an ka revini men lap ret viv ak twop sekèl newolojik.
Kiryezman w te dwe mandem pandan yap opere kè a kom sèvo a te toujou anvi kisa ki kontinye bal oksijèn pou l rete vivan ? Paske si sèvo a kanpe, sa nou rele mò serebral la tour bagay fini.
Ebyen bèl kestyon se la nou te vle rive. Répons nan se medsen yo itilize yon teknik ki rele ECMO( Extra Corporeal Membrane Oxygénation) ki se yon teknik asistans sikilatwa ki fet an deyo kè a kote yon machin ap jwe wol alafwa kè a ak poumon epi kontinye bay sèvo a oksijèn. Pou sa yo itilize yon Seri de katetè(tib) yo antre youn nan Yon vèn bò kou pasyan an Yo antre yon lòt nan yon vèn bò kwis li, se sak fè nou di se yon metòd venn ak venn, sa pèmèt nou pran san ki pase sou bò dwat kè a ki gen san ki pa gen oksijèn nan fè l pase nan yon yon machin ki pral fè 2 gwo travay ladanl
1.- Retire CO2( gaz kabonik ladan l )
2.- Melanje l ak oksijèn avan nou revoyel l nan kò a.
Machin nan akonpli travay kè a ak poumon yo ta dwe fè, sa pèmèt 2 ògan sa yo pran repo, pandan nap fè operasyon sou yo.
Ebyen Peyi Lafrans a travè (SaMU) service d’aide médicale d’urgence pi prezizeman avèk SMUR( Structures mobiles d’urgence et de réanimation) pral premye peyi ki reyalize lè se Jis nan lopital la yo itilize teknik ECMO pou pasyan yo rezilta yo pa enteresan sitou se swa Pasyan yo mouri pi fò tan (mwens ke 5 viv)
Oubyen nan tikal ki rive reyisi a pasyan yo devlope anpil sekèl newolojik (sèvo)
Aprè yon seri Etid Rechèch ak devlopman, yo te chwazi modènize yon seri anbilans kote yo pèmèt yo kapaba reyalize tEknik ECMO pou pasyan arè kadyak ki pa resisite nan teknik reyanimasyon klasik yo yo sou sèn aksidan an si pasyan an ranpli tout kondisyon pou sa ( sitou si se selman arè kadyak poko gen mò serebral) answit si tout bagay byen pase yap mennen pasyan an nan yon sant ospitalye pou yo opere l nan kè pou pèmèt ke kè a retravay poukont li san ECMO a. Sa te vin bay rezilta ki trè ankourajan paske yo rive sove Depi lè sa 70 moun sou chak 100 moun ki gen yon arè kadyak. E sak ki enteresan moun sa yo viv san sekèl Newolojik.
Ebyen se operasyon sa ECMO a yo tap fè sou sèn nan pou Mika.
Yè se pat jou Pa Mika , malerezman li plasel nan 30 % moun ki pa rive sove aprè ECMO yo. Nou sèlman ka sil vole wo, repoze anpè nou pap detounen l sou wout li.
Nap di fanmi , zanmi, fanatik Mika ak chak granny Ayisyen bon kouraj !
Nou pap rate okenn okazyon poun pataje yon ti konesans medikal avèk ou.
Pa bliye like paj la, envite zanmiw fè sa tou !
Siw twouve piblikasyon sa enstriktif patajel ak lòt moun!
Emmanuel Samedy
16/10/2022
Dr Ça Me Dit
🛑Tiboul nan antre bouboun yon fi!
Se yon bagay anpil medam ant 20 a 29 lane konn viktim de li ,yo konn remake yon ti boul nan antre vajen yo kisa ki ka koze sa o jis ?
-anpil etid ta vle fè konnn... View more🛑Tiboul nan antre bouboun yon fi!
Se yon bagay anpil medam ant 20 a 29 lane konn viktim de li ,yo konn remake yon ti boul nan antre vajen yo kisa ki ka koze sa o jis ?
-anpil etid ta vle fè konnnen lè yon fi pran sizo nan moman akouchman li a risk pou ta devlope boul sa
-Lè jèm atake yon gland yo rele "glande de Bartholin" se gland sa lè fi eksite ki konn sekrete ti likid ki rann fi an mouye an an
Kisak k koze enfeksyon sa?
-si moun konn fè sèks san proteje li ka trape jèm ki bay gonore oubyen klamidya...
-fi kap konsome manje mal kwit
-fi kap bwè ki pa trete
-nou jwenn sa anpil lakay fi ki mal fè twalèt de ba yo , ki monte desann, yo pran jèm ki nan trou dèyè yo glise desann nan vajen yo
-lè dlo medam yo ap fè twalèt yo pa trete
Kisa moun nan ka santi?
-li ka santi yon gwo doulè nan antre vajen an
-kote an ka cho epi wouj
-li konn remake yon boul nan antre vajen an
-doulè nan rapò seksyèl , dèfwa li menm enposib
-boul la konn transfòme an absè e ap bay pij
Kijan pou fè prevansyon?
-Toujou met prezèvatif
-depiste tèt ou a patnèw kont maladi nou ka trape nan fè sèks
-si youn nan nou enfekte fòk lòt la swiv trètman tou
- byen kwit manje yo
-bwè dlo trete
-fè twalèt nou a dlo ki trete
-Epi lè w ap fè twalèt de ba nou pa monte desann , pou jèm ki nan trou dèyèw pa glise nan vajen an
-epi aplike règ ijyèn yo
[[[ SA OU DWE KONNEN SOU BOUBOUN ]]]
?? Pa janm Fè twalèt debaw ak dlo trete!
poukisa?... View more[[[ SA OU DWE KONNEN SOU BOUBOUN ]]]
?? Pa janm Fè twalèt debaw ak dlo trete!
poukisa?
? Dlo trete a genyon prodwi ladan l ki tuye bon bakteri ki nan bouboun nan ( flore vaginal ) ki la pou pwoteje bouboun nan kont tout lot vye bakteri ou ( mikwòb ).
? Lè'w fin fè sèks toujou ale Fè twalèt ou
Pou'w toujou kenbe bouboun ou pwòp
? Lè'w fin pipi toujou gen yon ti sèvyet spesyal pou siye bouboun ou ( atansyon se sèl ou menm ki pou sèvi ak sèvyèt sa e fòk ou pa itilize menm sèvyèt sa pou'w siye kòw tou, kitel la sèlman pou bouboun ou).
? Fè twalèt ou ak dlo bouyi dlo sa dwe dire 72è 2tan otomatikman li depase tan sa li pa valab pou'w fè twalèt ou avè'l ankò.
? Pa antre dwèt ou anndan bouboun ou lè wap lavel, mezi sa se pou'w pa enfekte pwòp tèt ou ankò koz dwèt ka pa pwòp menm si'w sot lave'l.
? Évite benyen ak kilot paske tout dlo sal ak kim savon an al repoze nan fouk kilòt la lè sa bouboun ou gentan pran anpil mikwòb ou ka fè gwo enfeksyon san'w pa rann ou kont.
? Toujou tann kilòt ou yo nan bon solèy e nan yon andwa ki pwòp e sekirize lave tout kilòt yo nan dlo ki pwòp e pa lave kilòt ou yo ak men'w sal.
? Lè'w pral fè bagay lave bouboun ou e fè patenè'w la lave pijon'l avan rezon an senp pijon gason yo konn kenbe anpil mikwòb si tou lè yo poko sikonsi.
? evite lave bouboun nou ak dlo santi bon ni ak dlo twalèt li pa bon pou bouboun nan koz yo gen twòp pwodui chimik kap detwi flore vaginal ou, ou dwe konnen bouboun nan gen yon sant ki pwòp a li menm.
?Lè'w gen règ ou pa janm al nan fè Sèks pou'w pa fè bouboun nan pèdi elastisite'l, evite mete kotèks plis itilize twàl lè nou gen règ nou.
? aprann vi'v ak yon sèl nèg fè bagay ak yon sèl nèg konsa bouboun nan pap pèdi pwofondè ni elastisite'l, li pap pèdi eskanp figi'l tou.
? si'w remake konsèy sa yo enpòtan anpil pa kenbe'l pou kont ede yon lòt moun jwenn li padan wap pataje'l nan kantite gwoup ke ou vle e envite zanmi'w yo abòne ak paj la pou Bon konsèy.
Culture09
page=1&callback_module_id=pages&callback_item_id=15&year=&month=
Load More