Tonto
by on April 29, 2022
851 views
Kilè pou fè sèks siw anvi ansent, kilè pouw pafè siw anvi pa ansent.
Fi kou gason dwe li post sa e Patajel
Anpil moun tap mandel, jodi a nou potel..
Ann kòmanse.
Sayo rele cycle menstruel la:: se nonb de jou ou pran pou gen règ ou an..
Periode menstruel la se moman règ la, moman san ap koule sou ou a.
Siw wè règ ou 15mars, lèl re vini ankò li vini 12avril ebyen ougen cycle 28.. Fi ka gen cyclye 21jou rive nan 35jou... Men se 28 jou a ki on cycle nòmal
Moman ovulation an se moman ouka ansent lan san kè sote.. Moman sa rive 2semaine aprè règ ou oubyen avan lòt règ kap vini an pou fi cycle 28 jou.
Premye jou ouwè san parèt sou ou an makel, egzanp ou wè règ ou 06 Mai.
Apresa al make grenn jou ki tonbe 2 semaine aprè 06 Mai an,, 2 semaine aprè 06 Mai ap 20 Mai, make 20Mai a. Savledi ou make ni 06 Mai a ni 20Mai a
Make 3jou avan 20Mai a kise 17,18,19Mai e make 3 jou aprè 20Mai a kise 21,22,23Mai. Fon remak wap wè ougen 7jou ki make.. 7jou sayo se:: 17,18,19,20,21,22,23
Ebyen zanmim 7 jou sayo se jou moman ovilasyonw wi, nenpòt ti kole ou ansent wi depi spèm nan ale. Siw pavle di moman ovilasyon ouka di jou fertilte.. Ougen 98% chans pou ansent.
Fè ti kalkil ou chak mwa tande siw pavle fè pitit konnya
Apresa tout rès jou yo ouka boule bwa matin midi e swa oupap fè chabon
Eeee Atansyon wi Sèm on spèm ka viv 3 a 5 menm 7 jou menm andedanw wi, pa pansew fè bagay 14Mai epiw pap ansent non, wa sezi wè spèm nan te vivan. Alò sason ka ki konn prodwi pafwa. Nou tou metew okouran.
Kèk sin ki moutrew ou nan moman ovilasyonw
-tèt fèmal
-ou santiw choo
- kòw kraze ou fatige sanw patap travay
-kranp
-bouch ou pagou
-koukoun ou ap bay onti baay glise, lipagen koulè, ni sant, li tankou ble ze
Egzanp nou pran nan post sa se pou fi cycle 28 jou yo.
Siw 30 wap konte 2semaine ak 2jou
Siw 21 konte 1semaine
Siw 22 1semaine a on jou
23 se 1semaine ak 2jou
24 se 1semaine ak 3jou
25se 1semaine ak 4jou
26 se on semaine ak 5jou
27se 1semaine ak 6 jou
28 se 2 semaine
29 se 2 semaine ak 1jou
30 se 2 semaine ak 2 jou ki egal a 16 jou
Ect....
Si règ oupa regilye ou pap k kontrolel fasil.
Degajew bwe remed pou fe reg w fini nan yon epok fiks.
Ou kapab achte liv nou an pou kontwole sik manstriyèl ou: #Whatsapp : +50943480031
Tout Fanm pa gen menm sik manstriyèl.
Posted in: Tips & Guides, Health
Be the first person to like this.