SANTE
on September 29, 2023
49 views
🛑Pataje! Pataje! Pataje! post sa pou plis moun dekouvri verite sa, gen fi ki sibi diskriminasyon de sa , paran konn bat ti fi yo panse se nan fè sèks yo ye ki fè yo long podyab fot konesans🛑
Gwosè ak longè fèy yo pa gen anyen pou wè ak ni kantite ni depi kilè Wap fè sèks. Ou ka jèn epi poko janm fè sèks epi yo long, menm jan ou ka seksyèlman aktiv, granmoun yo piti. Se menm jan fè sèks anpil pap fè vajen w lach.
Gwosè ak longè fèy yo se yon bagay ki gen pou wè ak jenetik. Lè w rantre nan laj pibète sèks ou chanje a koz òmón ak ostrojèn yo ki ogmante ka koze anpil chanjman, tankou kwasans fèy krèk yo. Se pa yon maladi, Wi li ka koze jèn ak enkonfòtab sitou lè w mete kilòt ki sere oubyen pantalon li ka plede fwote epi irite krèk la Epi youn nan janm yo konn pi long ke lòt. Men retire bagay nan tèt ou ki fè w kwè li pa nòmal oubyen li lèd. Chak bouboun inik nan fason pa l.
Dimension: 720 x 715
File Size: 48.57 Kb
Like (1)
Loading...
1