NEWS
on September 16, 2023
35 views
JOHNSON NAPOLEON
NOU KA EDE EFRONDRÉ MACHÉ REAL ESTATE
SAINT DOMINGUE NAN
Ann mete tout kay diaspora genyen yo pou vann (sitou sa ki nan Airbnb yo)
Ann cancel tout kontra nou té genyen pou achté yon kay saint domingue ann fè yo konnen klè se pou décisyon président yo a nou fè sa.
Epi ann chita tann 6 mwa pou nou wè
Mwen sonje mwen te di nan yon video, mwen pa konprann poukisa diaspora a ap achte byen imobilye (kay) nan Repiblik Dominikèn 🇩🇴.
Mwen sonje kijan nou té reponn mwen mal. Jodia gouvenman fèmen fwontyè li ak ayiti, sendika transpò piblik dominiken mandé pou chofè l yo refize transpòte ayisyen. Jis paske nou Vle sèvi ak yon dlo ki sot lakay nou pou nou fè manjé lakay nou.
Avanyè la a, yo retiré nationalité tout ti Ayisyen ki fèt sou tè yo ke paran yo té Ayisyen. Yo changé konstitisyon yo a jis pou nou, pou yo ka fè kaka yo a, e amerikin, Canada 🇨🇦, la France dakò ak yo e kité yo fè l.
Evantyèlman li kapab posib tou, pou moun fou sa yo di tout kay oubyen building ki pou yon Ayisyen DORIJIN se pou Dominiken kounye a (mwen konnen byen ke sam di la a se yon lide moun fou, men li posib).
Fè yon ti gade paspò Ameriken w la, li di klè ou te fèt an Ayiti.
Jis yon ti idé 🤷🏽‍♂️
Dimension: 1080 x 733
File Size: 87.45 Kb
Be the first person to like this.