SANTE
on June 14, 2023
75 views
🚨🚨
#KÈK_METÒD_POUL_PA_TONBE_ANSENT
#SIN_POKO_PRÈ_POU_FÈ_TIMOUN👨🏽‍⚕️
♦️♦️♦️♦️♦️🔴♦️♦️♦️♦️♦️
Jodia nou bral pale de "metòd kontraseptiv". Tout moun dwe byen li atik sa pou jere koup yo.
⁉️KESYON⁉️
_________
1️⃣ Kisa ki metòd kontraseptiv l'an 🤔?
2️⃣ Konbyen tip ki genyen?
3️⃣ Kijan pouw aplike yo?
4️⃣ konsekans e risk 😶
#Metòd_kontraseptiv
Se yon ansanb de mwayen pou moun ki nan laj fè timoun(aj pwokreyasyon) epi ki seksyèlman aktiv, pwoteje tèt yo pou pa fè timoun avan lè.
#Tip_metòd_kontraseptiv
#1Metòd_Natirèl :
-A) Absinans
-B) Metòd koyit entèronpi
-C) Metòd Ogino-Knauss (ou kalandriye)
-D) Metòd Billings (ou glè sèvikal)
-E) MAMA (alètman matènèl e amenore)
-F) Metòd tanperati
#2Metòd_Medikamante :
-G) Konprime
-H) Piki
-I) Patch kontraseprif
#3Metòd_chirijikal :
-J) Ligati tronp yo
-K) vazektomi
-L) Isterektomi
-M) DIU an kwiv
-N) DIU ak òmon
#4Metòd_baryè
-O) Kondòm pou gason
-P) kondòm pou fi...
#Aplikasyon_metòd_kontraseptiv_yo
#1Metòd_natirèl :
▪️A) ABSINANS se lè moun nan pa fè bagay ditou, se metòd ki pi asire pou evite anfante san prepare.
▪️B) kOYIT ENTÈRONPI🍑🍆, se li yo rele voye deyò a. Se lè gason an santi l'ap vini, li choute deyò, pou fi an pa pran gòl.😅
▪️C) METÒD OGINO-KNAUSS OU KALANDRIYE
Pou itilizasyon'l, fòk fi an konn sik li byen, epi fòk sik la regilye pou evite pèt kontwòl.
Men sa li ye, nou konnen pou yon fi tonbe ansent fòk li ovile; men ovilasyon an fèt nan yon peryòd byen presi okou sik fi an kise ant 12 e 16èm jou aprè règ la.
Ex : yon fi sik regilye (28 jou) pou'l konn dat ovilasyonl ap komanse konte depi premye jou règ la vini an, jis li rive nan 12 jou, la l ap komanse veye ovilasyon an rive jiska 16èm jou an, paske se nan peryòd sa yo jeneralman fi ovile.
Kidonk depil al fè bagay ant 12èm e 16èm jou aprè règ la san pwoteje, li riske tonbe ansant a 98,99% poum pa di 100%.
▪️D) METÒD BILLINGS OU GLÈ SÈVIKAL :
vajen an de manyè nòmal bay yon likid blan, epè, san move sant ki rele glè sèvikal. Men lè fi an bral ovile, likid sa pa epè ankò, li vin filan atèlpwen fi an k detire l ak de dwèt rive nan 2 a 3 mm san kase. Siy sa vle di fi an bral ovile.
▪️E ) METÒD MAMA OUBYEN ALÈTMAN MATÈNÈL AMENORE. Se lè fi an chwazi bay timoun nan sèlman tete pandan 6 mwa, aprè li fin akouche, ebyen pa yon ansanb mekanism, kò a pap k jwenn kondisyon poul ovile pandan tout 6 mwa sa.
▪️F ) METÒD TANPERATI : chak lè yon fi bral ovile tanperati kòl fon bese aprè poul briskeman remonte aprè ovilasyon an. Li varye ant 36,1°C e 36,7°C. Metòd sa enpe difisil, men se yon bon siy. Komanse fèl de 12èm jou rive 16èm jou aprè règ la pou veye varyasyon an ki se yon siy di ou bral ovile.
#2_METÒD_MEDIKAMANTE
▪️G) KONPRIME : Se medikaman ki fèt a baz òmon kise estrojèn epi pwojestewòn. Òmon sa yo bral jwe sou ovè fi an pa dè mekanism pou anpeche l ovile.
▪️H ) METÒD PIKI . se menm bagay yo, men avèk yon dire pwoteksyon pi long epi pi fasil;
men pa enjeksyon dirèk nan san an.
▪️I) PATCH KONTRASEPTIF : Se menm bagay ak konprime epi piki yo, men sou yon lot fòm ki se patch ke yo plake pou yon sèten tan sou po moun nan, kab libire dè òmon gout pa gout anba pol.
#3METÒD_CHIRIJIKAL
▪️J) LIGATI TRONP YO : lè spèmatozoyid lan soti nan vajen an, se nan tronp l'an poul pase poul al nan matris l'an; ebyen ligati an se yon operasyon ki bouche tronp sa yo lè yo mare yo.
▪️K) VAZEKTOMI se yon operasyon ki gen pou bi pou koupe kanal kote spèm nan ap pase lè li soti nan testikil gason an pou ale deyò .
▪️L) DIU AN KWIV, DIU AK ÒMON
Se dè ti enplan, ti matryèl pou yon dire 5 ans pa yon ti operasyon yo arive mete nan matris fi an pou anpeche li fè pitit.
▪️O) KONDÒM OUBYEN KAPÒT
Se youn nan metòd ki trè efikas epi asire pou moun pwoteje tèt yo epi evite tonve asent. Ou jus pranl, ou mete l nan peniw si se pa gason an, oubyen nan vajenw sise pa fi an pou fonksyone🍆🍑.
NB: MW BRAL DEVLOPE PI FON CHAK METÒD KONTRASEPTIV YO NAN PWOCHEN ATIK M AP LAGE A POUN PLIS ALÈZ.
🔶️🔶️🔶️🔶🔶️️️👨🏽‍⚕️🔶️🔶️🔶️🔶️🔶️
1️⃣ABÒNE POUW PA PÈDI LÒT ATIK LA
2️⃣LIKE SI WAP TANN ATIK SA
3️⃣PATAJE POU EDEM TOUCHE PLIS MOUN
LYEN PAJ LA
https://www.facebook.com/LpaInfossanté-101501321983300/
#Pierre_Alexander_LEON...✍🏽
Dimension: 1080 x 1080
File Size: 84.4 Kb
Be the first person to like this.