SANTE
on May 27, 2023
84 views
Eske nou konn tande pale de medikaman sa Plan 7 jou?
Li rele citaloprame, se yon medikaman ajan marketing kap vann medikaman nn bus vann anpil
Yo relel plan 7 jou, ajan marketing yo vann li Pou vitamine
Kisa medikaman sa ye menm?
Se yon antidepresseur sa vle di yon medikaman ki kont depresyon
Lè moun pran medikaman sa li aji direkteman sou sèvo moun nn li al aktivite yon hormone yo rele serotonine( hormone ki fèw santiw byen)
Men medikaman sa gen gro danje ladanl tou,
Mesye yo konsomel anpil paske marketing yo di li bay bann, e yo vann li Pou vitamine.
En jeneral li pa gen anyen Pou wè ak vitamine
Li gen anpil efè sekondè,
Moun ki fè kè paka pran medikaman sa
Li dekonseye Pou timoun ki poko gen 18 ans
Moun ki gen problem rein
Li dekonseye Pou moun Pranl siw konsome alcool anpil
Li gen anpil efè sekondè
Li ka koz ou pa sou fè bagay( baisse de libido)
Li ka baw Diarhée ou constipation,vomisman,tet fèmal,bouch sèch, li ka rann ou ajite,li fèw fè move rèv, li fè tout kòw fèw mal,demanjezon elatriye.
Donk li pa ni vitamine ni Pou bann
Evite konsome bagay nou pa konnen sans Avis yon profesyonel santé
NB: li bay trouble erection, li ka few bande nan yon nonb tan ezajere (paske li ka koz ou mal Pou voye),konsa tou li ka few pa janm bande, e fèw pa janm sou fè bagay
Dr Celestin Bristingson
Dimension: 960 x 788
File Size: 26.16 Kb
Like (1)
Loading...
1