SANTE
on May 20, 2023
73 views
Yon manman ki pote yon ti moun pandan 9 mwa nan vant li Si ti moun sa ta arive malad eske manman sa k bal san?
Eske se vre tout moun ki gen group sangen O yo pa malad fasil?
Eske'w t konnen ou k detèmine group sangen yon ti moun depi nan vant manman'l
Ann kontinye fè lekti a nou pral jwenn repons tout kesyon sa yo.
Gen anpil moun ki panse yon manman ka bay pitit li san paske se li ki fè pitit la se san'l ki nouril se tou nòmal li ka bal san poutan se pa vre selon lwa medikal la pou bay yon moun san fok li gen menm group sangen avew(fok san yo konpatib) si yon moun pa gen menm group sangen avew wal bal san moun sa kapab menm arive mouri.pou yon manman bay pitit li san fok li gen menm group sangen ak pitit la se pa paske se li kite potel nan vant pandan 9 mwa pou pansel k bal san dayè pandan gwosès la san manman ak san pitit la pa melanje ansanm.
Si yon manman O+ pitit li ta A+ ou B+ ou AB+ oubyen O+ li ka bal san paske yon konpatib men si manman A+ pitit la O+ li pap ka bay pitit la san.
-Pafwa nou konn tande yo di tout moun ki gen group sangen O yo di moun sa yo pa malad fasil yo di moun sa yo gon bon sistèm iminitè sa yo di a li pa yon reyalite absoli se vre daprè etid ki fèt moun ki gen group sangen O moun sa yo pa trò riske pou yo ta fè maladi sik(diabète type 2) men poutan gen anpil moun ki Gen group sangen O ki diabetik
Pa gen kesyon de group sangen nan maladi sak enpòtan se mennen yon vi ki sen evite manje nenpòt ki jan toujou mete prezèvatif lè wap fè bagay se sa kap fèw pa atrape maladi
-pou moun ki gen group sangen AB yo moun sa yo gen anpil risk pou yo fè AVC(accident vasculaire cérébral) akoz ke yo gen tròp proteine de coagulation nan sang yo. men poutan sa pa vledi si yon moun gen group sangen AB lap fè AVC.
Pou moun ki gen group Sangen A yo moun sa yo gen anpil chans pou yo ta devlope yon cancer nan l'estomac. Menm si yo pa vrèman konnen ki rezon ki ka koz sa poutan gen anpil moun ki gen Group sangen A eske yo fè cancer estomac? Sa k rive men sa pa vledi depiw gen group sangen A wap fè cancer estomac ki donk
Kelkeswa prédisposition génétique ou. Ou ka toujou malad sak enpòtan se prevansyon pou nou fè mennen yon vi ki sen.
-Li fasil pouw gen yon ide konsènan group sangen pitit ou depi nan vant tout fwa ou konn group sangen paw ak group sangen mariw. Pa egzanp 2 moun ki gen menm groupe sangen O ki marye tout ti moun yap fè yo ap gen group sangen O si ta gen nan ti moun yo ki gen group sangen A ou B ou AB ou mèt konnen gon bagay ki pa mache sa k rive fi an ka fon fo pa😀.
2 moun ki menm group sangen AB piti yo ap AB. Si ta gen nan ti moun yo ki O ou mèt konnen gon flay ki fèt.
Si papa O manman A ti moun yo ap A oubyen O men gen plis chans pou yo A
Si papa B manman A ti moun yo ap: AB ou A ou B ou O yap gen plis chans pou yo AB.
NB: si papa O manman O sa k rive tt ti moun yo gen group O epi k gen flay ki fèt si pa egzanp manman t fon ti jwèt lago ak yon lòt nèg ki gen menm group sangen O 😀 sak enpòtan pou konnen si yon ti moun pou ou se ADN.
Dimension: 720 x 720
File Size: 43.14 Kb
Like (3)
Loading...
3