Nord-Ouest, Haiti!
on April 19, 2023
65 views
Yon mwa aprè lansman twonson wout Podpè/Ansafolè a sitwayen nan depatman Nòdwès la remake travay yo kanpe .
Poukisa chantye wout Pòdepè ansafolè a kanpe depi plizyè semèn ?
Kisa ki pase ? Eske kòb kite debloke a gentan fini ? Eske wout la tou kanpe nèt ?
Eske gen gwo chèf ki mande kòb pa yo nan pwojè a ?
Eske TPTC gen kapasite pou mennen pwojè sa ?
Kisa direktè TPTC a ap regle nan depatman Nòdwès la ?
Tout repons kesyon sa yo ak yon pakèt lòt ap sou tab la demen maten a 7h 30 nan emisyon kozri Matinal sou Radio Génération80 (88.9 FM) kote nou pwal resevwa direktè Depatmantal TPTC a ing Angelot .
Ou ka koute sou internet tou ak sou facebook live !
Prezantatè : Daniel Loriston & Wilgens Devilas
N ap raple lansman kostriksyon wout RNO501( Port de Paix/ Anse à Foleur) k ap reyalize an beton bitime ap etann li sou 23.5 km lineyè 14 mas ki te pase an gran ponp pa Direktè depatmantal TPTC a Ing Angelot Oracius ak Direktè pwojè Ing Jean Denis Lovence.
Dimension: 960 x 720
File Size: 93.7 Kb
Be the first person to like this.