Ouest, Haïti!
on February 9, 2023
102 views
Sòti 19 pou rive 21 fevriye 2023 a, kanaval pòtoprens ki gen pou tèm: «Rekonsilyasyon pou lapè.», ap fèt sòti 10 zè nan maten pou rive 6 zè nan aprè midi.
Desizyon sa pran pou penmèt plis moun patisipe nan aktivite sila a, sitou timoun yo selon responsab yo nan komite kanaval sila a.
Depi lane 2019 Ayiti ap fè fas avèk yon fenomèn ensekirite san parèy, sitou nan zòn metropolitèn lan, sa ki lakoz plizyè aktivite kiltirèl pa rive fèt. Pami aktivite sa yo, kanaval Pòtoprens lan te rive anile pandan plizyè fwa. Men, ane sa komite òganizasyon kanaval Potoprens deside fè gwo chanjman nan lè li abitye fèt.
Kanaval 2023 nan Pòtoprens ap gen pou li kòmanse apati 10 zè nan maten pou rive 6 zè nan aswè. N ap raple edisyon kanaval avan yo te konn fèt nan aprè midi pou rive jiska demen maten.
Daprè sa Yves Penel ki se Prezidan komite òganizasyon kanaval Pòtoprens pou ane 2023 a fè nou konnen : «Desizyon sa pran nan lide pou pèmèt plis moun vini nan kanaval la, sitou timoun yo k ap vin konnen kisa ki Chaloska, arab, Gwo dada ak anpil lòt bagay ankò.»
«Rekonsilyasyon pou lapè» se tèm ki kenbe pou kanaval la ane sa.
Komite a pwomèt anpil nouvote, espektak, koulè, dans, chan epi mizansèn. Nan moman nou t ap ekri atik sa nou pa te an mezi di ki gwoup ak bann ak pye ki t ap prezan sou pakou a, paske komite kanaval la te ap pale ak plizyè.
Pou reyalizasyon nouvo edisyon kanaval sa, komite a gen yon bidjè previzyonèl ki rive anviwon 120 000 000 goud. Ane a genyen plizyè pèsonalite piblik ki fè pati komite òganizasyon an pami yo nou ka site :
Erol Josué
Joseph Jean Richard
Leconte Georges
Grégory Jean Philippe
Stevenson Telfort (Atros Rockfam)
Yves Desir
Yverna Josama
San nou pa bliye
Yve Penel direktè Teyat nasyonal k ap jwe wòl prezidan komite sa.
Sou kesyon sekirite Yves Penel fè konnen «Se tout moun ki dwe bay sekirite », men yon lòt kote li deklare : « Gen anpil dispozisyon bò kote lapolis k ap pran pou sekirize kanavalye yo epi penmèt bon dewoulman kanaval la.»
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Dimension: 1200 x 688
File Size: 299 Kb
Like (3)
Loading...
3