Nord-Ouest, Haiti!
on July 14, 2022
98 views
Direktè Polis Nòdwès Jean Bruce Myrtil prezante bilan operasyon li mennen soti 14 avril 2022 pou rive 14 jiyè 2022, li anonse ouvèti yon gwo ankèt sou yon laboratwa ki gen ladanl Dealers drò ak ak trafikan zam Ayiti kou nan Dyaspora a
Selon bilan sa, Lapolis nan Nòdwès fè anviwon 368 entèpellasyon, ki abouti ak 172 arestasyon pami yo 45 pou motif kriminèl ki gen rapò ak kesyon gamg ame. Toujou selon bilan sa gen 2 bato ki konfiske. Youn nan Podpe ak yon lòt Yatch nan Bono sou komin Senlwi Dinò. Plis 65 veyikil ke lapolis konfiske tou, pami veyikil sa yo yon 1 kamyon ki tap transpòte 25,000 katouch epi 06 machin ak 58 Motosiklèt.
Otorite yo prezante tou 7 Kilo kokayinn ke yo te sezi ak 19 zam diferan kalib. Pami yo Armes à 12 milimèt, yon pistolè kalib 22, 4 revolvè 38
yon fizi douz ak yon mini fizi. Yon lòt bò, mete anviwon 145,014 katouch ki sezi, landan yo genyen 139,000 katouch 5.56 ak 4,000 katouch 7.62 ak 2,014 katouche 9mm
Lapolis pwofite pou denonse yon la boratwa ki fzn ladan l, "Kriminèl ak trafikan dwòg, trafikan zam ak minisyon ki nan depatman Nòdwès, depatman Lwès ak nan diaspora ki se Ayisyen natif natal ak Ayisyano-Ameriken kap debake zam ak minisyon nan peyi a, ki monte yon gwo laboratwa sou rezo sosyo yo, ki ap poste " _fake news_ " sou non gwo media entènasyonal nan bi pou denigre tout chèf kap konbat tout fòm komès kriminel kap mete ensekirite nan peyi a anjeneral ak nan Nòdwès an patikilye.
Lapolis anonse ouvèti yon gwo ankèt sou rezo sa pou demantle laboratwa kap travay pou trafikan Pòdepè ak kèk diaspora ki vèse yo nan komès bal ak zam avek gang, bi pou ekate popilasyon Nòdwès la de Direksyon Depatmantal Nòdwès la, yon mannyè pou kontinye alèz nan komès kriminel yap fè a.
Direksyon Depatmantal Polis Nòdwès la mande popilasyon an pou kontinye kolabore avèk li. Lapolis mande popilasyon kontinye bay enfòmasyon sou kay, bato ak kontenè tout trafikan kap rantre dwòg, zam ak minisyon nan Pòdepè epi evite pran nan pyèj machann bal ak zam yo ap fè sou rezo sosyo yo.
Wilgens Devilas
Dimension: 1080 x 1038
File Size: 118.49 Kb
Like (5)
Loading...
5
Valerie Derosier
Kitem swiv poum we
July 14, 2022