Music Box
on June 27, 2022
81 views
Mizik-Mizik ap di yon gwo MESI a tout moun ki te òganize e ki té patisipe nan kokenchenn sware 25 jen 2022 a nan Melrose ballroom nan Nouyòk. Sware sa a tap selebre 46 lané djaz préféré nou, Magnum Band ansanm ak 36 lané pa nou. Nan tan sa a nap viv nan monn nan, patikilyèman an Ayiti, sé yon privilèj ra pou nou pasé yon moman ap fè sa nou renmen ansanm ak moun nou renmen. Nap di yon gwo mèsi é nap voyé konpliman pou Jaz Blaise ak tout ékip li pou envitasyon an e pou konfyans yo fè nou. Li difisil anpil pou réyalizé evenman sa yo men Jaz Enterprise mété tout savwa li, jantiyès li ak lajan li pou asiré li ké tout bagay byen pasé é tout bagay byen pasé ! Nap di mèsi ak fanmi nou, ki té dakò pou nou fè vwayaj la é ki toujou sipòté nou. Mèsi tou pou tout moun ( lafanmi )nan Nouyòk ki édé nou : Hans Sauer, Déjean Junior Bélizaire, Nicolas Brun. Mèsi pou Roby Binson de Sky Studios ki té akéyi nou pou nou ka répété nan bon kondisyon. Mèsi ak tout gran frè mizisyen ki akonpayé nou pou swaré sa a. Reynald Valme, Armstrong Jeune Strongmuzik, Yves Abel , pa gen mo pou nou tèlman nou té Gou ! Mèsi pou frè nou, enjényè nou Guy Beauvil ki bay yon sonorisation an démon. Mèsi pou tout ekip teknik la tou ( Ekleraj, Lojistik, Sékirité ). Mèsi a tout médya yo ki édé nou fè promosyon fèt sa a : ChoKarelLa, Guy Wewe, Philippe St Louis Jo Dy Show, Valerio St-Louis, Ticket Magazine. Men pi gwo MESI a sé pou Fanatik Pakapala yo ak Fanatik De Ger yo. Sé gras a nou ké tout bagay kapab réyalizé ! MESI ANPIL. KE GRAN MET LA BENI NOU TOUTAN !
Dimension: 900 x 1200
File Size: 260.04 Kb
Be the first person to like this.