NEWS
on June 20, 2022
77 views
201 280 elèv (52.74% ti fi) ki nan 7 491 lekòl ap patisipe 20-22 jen nan egzamen Leta 9èm AF. Anviwon 400 000 paran ki te fè anpil sakrifis ap tann rezilta yo.
Plis ke 10 000 pèsonèl deplwaye nan 930 sant egzamen. Apre 2 lane ki te gen sèlman mwatye jou lekòl, majorite lekòl boukle anba anpil difikilte kalandriye ane sa.
Nou swete tou bòn chans a 2 547 kandida “Ecoles normales instituteurs (ENI) k ap konpoze sòti 20 pou rive 24 jen, epi 503 kandida pou Sant Edikasyon Familyal nan dat 20-24 jen.
Pa bliye, si pou yon rezon jistifye, yon kandida ta rate yon jou egzamen, Ministè Edikasyon apèn mete anplas “Sant Pèmanan Evalyasyon” kote l ap kapab pran randevou pou pase egzamen ofisyèl sa.
Ankouraje ! #LekòlPaKaTann
Dimension: 1200 x 702
File Size: 257.69 Kb
Like (2)
Loading...
2