Tonto
by on May 2, 2022
219 views
CHRISTIANISME ESCLAVAGISTE
Vrai ou faux Christianisme esclavagiste, raciste, ethnocentrique, barbare, sexiste, anti-scientifique, encourageant le vol, le viol, les massacres génocidaires…?
Alewè: Ebre 11 v 33
«Ak konfyans yo te gen nan Bondye, yo te goumen, yo pran peyi lòt moun nan men yo… »
Tyeke tou: Kolosyen 3:22, Levitik 25: 42-46, elatriye...
Nan Resansman chapit 31, “Bondye” ta swadizan dakò ak lòd Moyiz bay nan vèsè 17 epi 18 pou sòlda Izrayèl yo maspinen tilezanj ak fanm yo poze lapat sou yo pandan lagè:
« Se pou nou touye tout pitit gason yo. Se pou nou touye tout fanm ki kouche ak gason deja. Men nou va sove lavi tout jenn fanm ki poko janm kouche ak gason. Nou va pran yo pou nou… »
Nan Liv ki pote non Samyèl la, chapit 15 vèsè 3, “pwofèt la” bay Wa Sayil kòmandman “Bondye” voye pou li:
« Kounye a leve al atake moun Amalèk yo. Ou va pran tout sa ki pou yo, ou va ofri yo bay seyè a. Ou pap gen pitye pou pèsonn lakay yo: Nou va touye fanm kou gason, timoun ak tibebe nan tete, ata bèf, mouton, chamo ak bourik… »
Nan Bib la, gen plizyè pasaj rasis ki ankouraje lesklavaj. Men youn nan yo ki klè kon dlo kòk:
Levitik 25 v 42-46
« Yo pa gen dwa vann nou pou fè esklav lòt moun. Pingga nou aji mal ak moun pèp Izrayèl parèy nou yo...
...Lè nou va bezwen gason osinon fi pou sèvi esklav lakay nou, nou ka achte yo nan pami moun lòt nasyon ki ap viv lòt bò fwontyè peyi nou an. Nou ka achte pitit moun lòt nasyon ki ap viv nan mitan nou tou. Konsa tou, lè yo rete lakay nou, si yo fè pitit sou tè ki pou nou, pitit yo va pou nou tou. Nou va kite yo tankou byen pou pitit nou yo. Yo va sèvi nou jouk yo mouri… »
@Jafrikayiti
Posted in: Society
Like (1)
Loading...
1