Tonto
on May 17, 2022
98 views
Poukisa yon beny chans la ?
KÒMAN YON BENY Chans ka fè efè nan lavi'w si'w gen Giyon :
pateje !pataje !
Beny pa bay lajan, mete sa byen nan tèt ou.
Men kisa beny lan fè : Li repouse move enèji sou ou, li edew atire bon enèji ki ka sèviw nan chache lajanw, tout vye démon ak vye espri demonyak ou pran nan relasyon seksyèl.
Kijan de bon enèji li ka rale sou ou : Li ka fèw santiw lejè, li ka fèw santiw gen fòs, li ka pwokirew yon bienèt ki pral pèmèt ou fè saw gen pou fè a pi byen. Bain la gen yon fonksyon terapetik. Li aji sou mantal ou, sou kòw ak nanm ou, li preparew pou afwonte lavi a ak plis vitalite. Li pa fè mirak. Li akonpayew. Li edew.
Nou renmen beny chans anpil pavre ! Men jan de bain sa yo pa mache sanw pap poze aksyon. Ou pa ka fin pran beny lan epi ou chita wap tann lajan san ou pa travay, san ou pa fè yon demach. Beny lan la sèlman poul akonpayew nan aksyon wap mennen, poul pèmèt ou reyisi yo pi fasil.
Se menm jan lèw fè tèt ou bèl e pwòp, ou janti, ou poli, sa ka ouvè anpil pòt pou ou. Men si ou bèl ou konn moun, ou poli ou pa regle anyen ak sa, kalite sa yo pap regle anyen pou ou tou.
Sa tout Moun dwe konnen de #Giyon :
Pataje ! Pataje ! Pataje pou enfòme yon lòt moun.
Pafwa tout sa'w fè anyen pa janm mache pou ou poutan se yon Giyon ki sou ou kap domine'w , gen Giyon ou pran nan fè bagay , gen gason'w kouche avè'l ki gaspiye w pou lavi paske devèn li lage sou ou lakoz lòt gason paka rete avè'w , lòt gason se vini ba'w fo espwa , tout gason ki abòde'w depi'l fin kouche'w li ale , pafwa se eksprè Moun nan fè paske'l pa bezwen'w li gaspiye avni'w , majorite jenn gason kounya gen anpil degre , yap pran chans ou mete sou pa yo , yap pran byennèt ou . Avan'w kouche avèk yon Moun ou ta dwe konnen kiyès Moun sa ye malgre genyen ki gen sekrè , ki masolòj, Ougan ...etc .
Gen devèn (Giyon) ou pran nan fè bagay se kòmsi lavi'w kondane pou pase nan tenten .
Si fè pat koupe fè machòkèt Pata travay , Gen beny pou elimine Giyon , Beny Giyon pa mache san Beny chans , lè'w fin fè beny sa yo fòk ou retire'w nan tout vye bagay ke'w te konn fè ( Madivin , Boîte de nuit , Kouche pasi pala) paske lè'w pran yon giyon se tankou yon virus wap pataje li . Gen avèk Moun ou fin kouche wap wè se yon kochma tout lannwit wap fè move rèv , lavi'w an boulvès , yap kouche'w nan dòmi, wap reve vye bèt ap kouri dèyè'w ....etc
Fanm kou gason kapab genyen Giyon sou li , Giyon pa nanm se bagay diferan.
A bon entendeur, Salut !
Dimension: 1200 x 675
File Size: 167.81 Kb
Be the first person to like this.