Nord-Est, Haïti!
on September 21, 2023
45 views
Eske w te konnen se lanmè bè Fort Liberte a Ki pi fon nan Karayib la? Eske w te konnen ti bout Warf Sa wap gade la nenpòt bato ka koste l paske lanmè a fon tou natirèlman?
Eske w te konnen tou leta Ayisyen fèmen l sou demand Etazini ak Repiblik Dominikèn nan konplo ak gwo bacha nan Potoprens depi sou administrasyon Lavalas yo?
Eske w te konnen pò Sa fèmen e tout Sa Ki fèt nan pak endistriyèl karakol la ak pak endistriyèl Wanament la se nan pò repiblik dòmikèn yo voye yo a letranje?
Sou lòt administrasyon mesyedam PHTK yo, te gen yon pwojè pou fè yon pò Post Panamax Fòlibète, paske aprè etid syantifik yo se yonn nan kote li tap koute mwens kòb pou fè pa rapò a atant natirèl ak profondè lanmè a, aprè yo di yo wè 2 leza nan lanmè Fòlibète a Ki enpòtan pou peyi a, yo kanpe sa, projè pa fèt.
Chinowèt oubyen Chinouet se yon pò leta Ayisyen ta dwe eksplwate pou profondè li ak pozisyònman li.
Jovenel Moise te cho an Aout 2020 pou relouvri l, chèf yo te bloke misye. Paske tèminal Sa jiska jodya toujou genyen sitèn tankou Sa Ki gen nan tèminal Thor ak Varreux nan Potoprens yo. Dayè se la bato gaz yo te konn bay Esso gaz nan ane 1970 yo konsa pou plantation Dauphin.
Si w tande moun zòn nan di yo al Esso, se de la yap pale.
Ebyen lòt pote boure a se Pò #Fòlibète a tèt dwat.
N.B. Nou pa lonmen non otorite paske ide a se pa pou Sa pòs la ye, nou mete Ki sezon pou pren de repè, nou pap pwomote klan, paske yo tout pa inosan.
#KPK
Dimension: 960 x 540
File Size: 50.57 Kb
Be the first person to like this.