Findout
on May 22, 2023
149 views
Sa se deklarasyon yon pròch Udson Azor:
Aksyon #karl-Udson Azor komèt la se Yon endiyasyon pou tout moun kap viv nan mond lan épi apwann anpil sou sak rive a.
#Udson Azor se Yon jeni ki pami krèm entèlèktyèl #lenbe pwodui yo.
Li fè pwimè li nan lekòl evanjelik dayiti menm jan avèm épi etid segondè li nan Drop-of- love ( kay pòl )
Se Yon jèn ki enspiran anpil sa fè li t pwatike metye sa yo kise mizik ( jwe batri ) ak Penti.
Misye t toujou gen Yon langaj lanmou fratènèl ak nou sitou papa l #Renold Azor se pastè legliz evanjelik dayiti lenbe a.
Li t pwan direksyon sendomeng pou l t kontinye pouswiv rèv li apwè li tounen ayiti men Mwen menm pèsonèlman t remake tandans yo chanje lè li sòti sendomeng lan. sofke mw pa Yon sikològ mw pa gen anpil ide mw k bay sousa pou m Di li t malad mantal.
Dènye pale m ak li kote li tap sansiblize m sou kòman nou dwe angaje nou pou n mete men pou Yon nouvèl ayiti épi monte Yon mouvman.
#Udson pa Yon moun jan anpil medya bay konotasyon pa yo sou sak pase a ki pa sanble ditou ak reyalite mw konnen Sou fanmiy sa.
Mw kondane e pouswiv tout moun kap bay vye enfòmasyon pou gen views ak abòne sou aksyon sa ki pase vètyè a.
Rezo sosyo konplis nan lanmò a deja paske li apèn bay tèt li dife se videyo nap pwan pandan moman an.
#Nou Di ase nan peyi a!
#Bon kouraj fanmiy Azor
Dimension: 720 x 920
File Size: 62 Kb
Like (1)
Loading...
1