NEWS
on February 14, 2023
80 views
Etazini Arete 4 Lòt Moun an Koneksyon ak Asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise
fevriye 14, 2023
Markenzy Lapointe, (a goch) Avoka gouvenmen Ameriken pou Distri Sid Florid la pale pandan yon konferans pou lapres nan Miami, Florid, 14 Fevriye 2023.
Otorite Ameriken yo arete 4 lot moun an koneksyon ak asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise. Pami yo gen pwopriyetè kon konpayi sekirite ki gen katye jeneral li nan Miami, ki te anboche ex-solda Kolonbyen yo pou misyon an, avoka gouvènman an fè konnen.
Markenzy Lapointe se Avoka pou Distri Sid Florid la:
"Premye bagay nap anonse se ke maten an ajan federal Biwo Federal Envestigasyon an ak Envestigasyon Sekirite Nasyonal arete yon sitwayen Ameriken ak 2 rezidan legal pèmanan ki abite nan sid Florid ak yon sitwayen ki abite nan Tampa, Florid pou patisipasyon yo nan yon konplo pou dechouke Prezidan Moise sou pouvwa a."
Antonio "Tony" Intriago, pwopriyetè CTU Security ap fè fas ak akizasyon dèske li te konplote pou touye oubyen kidnape yon moun andeyò peyi Etazini. La jistis akize l 2 lòt krim tou, ansanm ak reprezantan konpayi a Arcangel Pretel Ortiz.
Finansye Ameriken Walter Veintemilla limenm ki gen baz li nan Florid, ap fè fas ak akizasyon dèske li te finanse operasyon an. Yon 4em sispèk ki rele Frederick Joseph Bergmann Jr. ap fè fas ak akizasyon kontrebann.
Lapointe deklare: "Li trèz enpotan pou trennen yo devan lajistis. Nou pral remèt yo jistis devan tribinal la."
Yon ekip ansyen sòlda Kolonbyen ke CTU te anplwaye pami sispèk ki te egzekite atak Jiyè 2021 an. Otorite yo di plan orijinal la sete yon kou deta olye yon asasina. Motivasyon dèyè krim lan ak prensipal konplotè yo poko fin klè.
Tama Kudman, avoka Veintemilla di ajans nouvèl Associated Press misye gen entansyon plede non-koupab a tou le 2 chèf akizasyon yo.
Claude Joseph, ki te premye minis anba gouvenman Moise la bat bravo pou anons la sou Twitter.
"Fok jistis reye," Joseph deklare nan tweet li, ansanm ak yon foto anons gouvènman Ameriken an pibliye Madi.
Pi bonè mwa sa a, vèf prezidan an, Martine Moise, ki te blese pa bal nan atak la men ki soti vivan, lanse apèl pou LONU kreye yon tribinal espesyal pou envestige asasina a. Li di an Ayiti ka a fè fas ak plizye obstak depi 19 mwa.
Madan Moise deklare: "Asasen yo ap sikile nan lari".
Avoka Lapointe fè konnen gen yon total 11 sispèk ki anba kòd Ozetazini kounyea. Pami yo gen James Solages ak Joel Vincent - 2 Ayisyen-Ameriken ke yo te arete apre Moise te mouri pa bal nan rezidans prive li nan mwad Jiye 2021. Lòt sispèk yo se: Christian Emmanuel Sanon, yon pastè ak biznisman echwe. Asosye li yo sigjere vre konplotè yo te pran tèt li pou patisipe nan asasina a.
Otorite yo di laprès Madi ke plan orijinal la sete arete Moise, fòse l monte nan avyon epi mennen li yon kote yo pa idantifye. Sepandan, konplo a te bwè luil apre sispèk yo patka jwen avyon, ni zam sifizan, dapre dokiman tribinal la.
Sanon limenm, ki te wè tèt li kom nouvo lidè Ayiti, te sipoze sezi pouvwa a. Sepandan, lot sispèk yo te favorize yon ansyen jij Kou Kasasyon Ayiti kom prezidan pito. Lapolis di jij la toujou nan mawon.
Lavèy asasina a, Solages te bay lòt sispèk yo manti pou di kom kwa sete yon operasyon CIA e ke vre misyon an sete touye prezidan an. Yon ti tan anvan yo te asasinen Moise, Solages te rele byen fò pou di sete yon operasyon DEA pou konvenk gad sekirite prezidansyèl yo kowopere.
Lot akize ki fèmen nan prizon Ozetazini se ex-senatè John Joel Joseph ki te chape poul li al lage kò l nan La Jamayik, epi ansyen enfòman gouvènman Ameriken ak biznisman Ayisyen Rodolphe Jaar, ke Etazini ekstrade soti Repiblik Dominikèn.
Nan moman ankèt Ameriken sou asasina Moise la ap avanse, ankèt Ayisyen an prèske kanpe. Gen 3 jij enstriksyon ki bay demisyon yo akoz kè sote yo te genyen dèske yo tapral mouri epi yo revoke yon 4èm jij. Sepandan okenn odisyon poko fèt pou plis pase 40 sispèk yo arete an Ayiti. Plizyè pami yo - ladann gen 18 solda Kolonbyen fèmen nan prizon nan Potoprens kote ki sichaje ak moun epi ki souvan soufri ak mank manje ak dlo.
Kredi enfo : VOA Kreyòl
Jeanty Augustin Junior kontribye a repotaj sa a depi Miami, kek enfomasyon soti nan ajans nouvel Associated Press
Imaj 1 : Le pastè/politisyen ayosyen/ameroken tien-américain Emmanuel Sanon, dezyèm adwat kòmanse nan goch, kanpe a kote Arcángel Pretel Ortiz, d'Antonio 'Tony' Intriago ak yon lòt gason yo idantifye devan yon avyon avan asasina prezidan ayisyen an 7 jiyè 2021. Avèk otorizasyon José Espinosa
Imaj 2 : Screenshot sit Web CTU Security nan Doral ki montre prezidan li ki se yon emigre venezwelyen Antonio "Tony" Intriago. Prizonye Kolonbyen ki nan prizon Ayiti akize l paske l ta patisipe nan asasina prezidan Jovenel Moise 7 jiyè 2021 fè konnen se sosyete CTU Security Intriago a ki te ba yo job la .
Imaj 3: Markenzy Lapointe, (a goch) Avoka gouvenmen Ameriken pou Distri Sid Florid la pale pandan yon konferans pou lapres nan Miami, Florid, 14 Fevriye 2023.
imaj 4: Konferans pou laprès
Dimension: 480 x 369
File Size: 33.08 Kb
Like (3)
Loading...
3