SANTE
on October 16, 2022
142 views
Bonswa Ayiti ! men non a men kijan operasyon Carel te di yo tap fè pou Mika sou sèn nan ye,operasyon sa te ka pemèt li ret an vi,pataje tèks sa pou plis moun jwenn konensans paske anpil moun te twouve sa biza ke yap opere yon moun sou yon sèn, eben vin aprann
Mwen pa menm bezwen mande nou kòman nou ye , mwen konnen nou mal aprè desè inatandi yonn nan atis ki okipe yon gwo plas nan kè Chak Ayisyen, Mikabenn.
Nou pwofite salye depa Atis la e voye gwo mo senpati bay fanmi l, zanmi l, fanatik li yo epi tout Ayisyen ke sityasyon sa touche.
Mwen fè post sa tou pou m pwofite reponn yon kestyon anpil moun poze m sou kek forum/rezo sosyo ke mwen ye an reyaksyon ak yon tweet Carel Pedre te fè pou di ke medsen yo ap fè Mikabenn yon operasyon sou sèn nan. Anpil moun tou mande ki tip doperasyon operasyon sa ye? Genyen ki ale pi lwen pou mande Poukisa yo pat kouri lopital avèk li olye yo te rete ap bal swen sou sèn nan.
Ebyen mwen ap eseye pote kèk eleman repons pou nou.
Avan tou nou dwe raple ke chantè 41 lane a te viktim de yon arè kadyak aprè ke li te fin bay yon pèfòmans 5 etwal nan konsè Reyinyon Carimi an a paris nan Accor Arena a. Yon arè kadyak gendwa gen plizyè koz , nou pa gen tout enfomasyon yo sa revni ak Ekip Medsen lejis Ke Depatman Jistis Fransè pral mete sou dosye a pou presize koz arè kadyak sa aprè ke yo fin fè otopsi. Kidonk nou pa vle espekile, se tann poun tann.
Anpil fwa lè kè yon moun rete sibitman konsa li konn soti nan koz vaskilè sa vle di yonn nan veso ki ap bay kè a san( nouri kè a ) sa nou rele atè koronè yo ki konn bouche, sa depann de ki gwosè veso sila ak ki kantite sifas nan kè a , ak ki enpòtans fizyolojik zòn li bay san nan kè a genyen , li ka jis pwovoke sa nou rele yon enfaktis myokad ( sa vle di yon zòn nan kè ki pa jwenn oksijènn, ki soufri epi finalman pèdi fonksyonl) oubyen tou li ka koze yon arè kadyak depandaman de tout konsiderasyon nou sot fè yo.
Lè sa rive ebyen gen anpil manèv sekouris yo ka fè pou eseye fè kè a repati lè sa nou pale de teknik de reyanimasyon
Yonn konn fè sak rele
1.- Masaj kadyak la
2.- Yonn konn fè metòd bouch ak bouch la ki baze sou yon je presyon
3.- lè sa pa mache ou ka itilize sa nou rele defibriyatè a ki se yon dispositif elektronik ki otomatik
4.- lòt mannèv toujou se Bay pasyan an adrenalin entrakadyak
5.- entibasyon etc….
Tout jès sa yo mwen di a dwe fèt nan yon tan rekò
Lè yon ekip ijans fè tout metòd sa yo , kè pasyan an pa tounen bat men yo sispèk kè sèvo a toujou an fonksyon ( ka sa nou pale de mort cardiaque) lontan yo te konn transpotel nan sak operasyon pou fè yon chiriji kadyak si Lopital la ekipe ak espesyalis epi materyèl pou sa pou eseye fè yon egzamen pandan yap opere pasyan an ki rele coronarographie pou wè kilès nan atè yo ki bouche epi debouchel pou kè a repati. Operasyon sa toujou se yon operasyon ki dwe fèt vit sinon pa gen chans oubyen si yo pran twop tan pasyan an ka revini men lap ret viv ak twop sekèl newolojik.
Kiryezman w te dwe mandem pandan yap opere kè a kom sèvo a te toujou anvi kisa ki kontinye bal oksijèn pou l rete vivan ? Paske si sèvo a kanpe, sa nou rele mò serebral la tour bagay fini.
Ebyen bèl kestyon se la nou te vle rive. Répons nan se medsen yo itilize yon teknik ki rele ECMO( Extra Corporeal Membrane Oxygénation) ki se yon teknik asistans sikilatwa ki fet an deyo kè a kote yon machin ap jwe wol alafwa kè a ak poumon epi kontinye bay sèvo a oksijèn. Pou sa yo itilize yon Seri de katetè(tib) yo antre youn nan Yon vèn bò kou pasyan an Yo antre yon lòt nan yon vèn bò kwis li, se sak fè nou di se yon metòd venn ak venn, sa pèmèt nou pran san ki pase sou bò dwat kè a ki gen san ki pa gen oksijèn nan fè l pase nan yon yon machin ki pral fè 2 gwo travay ladanl
1.- Retire CO2( gaz kabonik ladan l )
2.- Melanje l ak oksijèn avan nou revoyel l nan kò a.
Machin nan akonpli travay kè a ak poumon yo ta dwe fè, sa pèmèt 2 ògan sa yo pran repo, pandan nap fè operasyon sou yo.
Ebyen Peyi Lafrans a travè (SaMU) service d’aide médicale d’urgence pi prezizeman avèk SMUR( Structures mobiles d’urgence et de réanimation) pral premye peyi ki reyalize lè se Jis nan lopital la yo itilize teknik ECMO pou pasyan yo rezilta yo pa enteresan sitou se swa Pasyan yo mouri pi fò tan (mwens ke 5 viv)
Oubyen nan tikal ki rive reyisi a pasyan yo devlope anpil sekèl newolojik (sèvo)
Aprè yon seri Etid Rechèch ak devlopman, yo te chwazi modènize yon seri anbilans kote yo pèmèt yo kapaba reyalize tEknik ECMO pou pasyan arè kadyak ki pa resisite nan teknik reyanimasyon klasik yo yo sou sèn aksidan an si pasyan an ranpli tout kondisyon pou sa ( sitou si se selman arè kadyak poko gen mò serebral) answit si tout bagay byen pase yap mennen pasyan an nan yon sant ospitalye pou yo opere l nan kè pou pèmèt ke kè a retravay poukont li san ECMO a. Sa te vin bay rezilta ki trè ankourajan paske yo rive sove Depi lè sa 70 moun sou chak 100 moun ki gen yon arè kadyak. E sak ki enteresan moun sa yo viv san sekèl Newolojik.
Ebyen se operasyon sa ECMO a yo tap fè sou sèn nan pou Mika.
Yè se pat jou Pa Mika , malerezman li plasel nan 30 % moun ki pa rive sove aprè ECMO yo. Nou sèlman ka sil vole wo, repoze anpè nou pap detounen l sou wout li.
Nap di fanmi , zanmi, fanatik Mika ak chak granny Ayisyen bon kouraj !
Nou pap rate okenn okazyon poun pataje yon ti konesans medikal avèk ou.
Pa bliye like paj la, envite zanmiw fè sa tou !
Siw twouve piblikasyon sa enstriktif patajel ak lòt moun!
Emmanuel Samedy
16/10/2022
Dr Ça Me Dit
Dimension: 532 x 443
File Size: 53.22 Kb
Like (2)
Loading...
2