SANTE
on September 15, 2022
181 views
🛑Tiboul nan antre bouboun yon fi!
Se yon bagay anpil medam ant 20 a 29 lane konn viktim de li ,yo konn remake yon ti boul nan antre vajen yo kisa ki ka koze sa o jis ?
-anpil etid ta vle fè konnnen lè yon fi pran sizo nan moman akouchman li a risk pou ta devlope boul sa
-Lè jèm atake yon gland yo rele "glande de Bartholin" se gland sa lè fi eksite ki konn sekrete ti likid ki rann fi an mouye an an
Kisak k koze enfeksyon sa?
-si moun konn fè sèks san proteje li ka trape jèm ki bay gonore oubyen klamidya...
-fi kap konsome manje mal kwit
-fi kap bwè ki pa trete
-nou jwenn sa anpil lakay fi ki mal fè twalèt de ba yo , ki monte desann, yo pran jèm ki nan trou dèyè yo glise desann nan vajen yo
-lè dlo medam yo ap fè twalèt yo pa trete
Kisa moun nan ka santi?
-li ka santi yon gwo doulè nan antre vajen an
-kote an ka cho epi wouj
-li konn remake yon boul nan antre vajen an
-doulè nan rapò seksyèl , dèfwa li menm enposib
-boul la konn transfòme an absè e ap bay pij
Kijan pou fè prevansyon?
-Toujou met prezèvatif
-depiste tèt ou a patnèw kont maladi nou ka trape nan fè sèks
-si youn nan nou enfekte fòk lòt la swiv trètman tou
- byen kwit manje yo
-bwè dlo trete
-fè twalèt nou a dlo ki trete
-Epi lè w ap fè twalèt de ba nou pa monte desann , pou jèm ki nan trou dèyèw pa glise nan vajen an
-epi aplike règ ijyèn yo
Dimension: 441 x 489
File Size: 16.4 Kb
Like (3)
Loading...
3