SANTE
on June 12, 2022
202 views
Nou wè Nouvo foto atis Justin Bieber kote vizaj Ki defòme a
Kisa Syndrome Ramsay Hunt ye ?
Anpil nan nou deja wè foto Justin Bieber kap sikile sou entènet la kote li montre yon bò vizaj li ki defòme epi je goch li ki pa ka bat. Se atis la menm ki devwale sa nan yon post enstagram. Nou siman mande ki maladi ki fè atis la sa.
Ebyen nou vin di w ke sendrom sa se yon konsekans reyaktivasyon viris ki bay maladi varisèl ak Zona a.
An reyalite Viris sa lè li fèk atake w li vini sou fòm varisèl ki konn bay tout yon seri de bouton ki konn leve sou po paysan yo. Men varisèl la jeneralman se pa yon maladi ki grav e li plis rive kay timoun, nan 10 jou jeneralman li geri.
VZV a se yon viris ki pataje pa vwa respiratwa nan goutlèt krache, li ka pataje tou nan nan kontak dirèk ti bouton ki leve sou po nan ka varisèl oubyen Zona oubyen ankò manman kay bay Pitit li nan pasaj pandan timoun nan AP fèt.
Pa bliye nou di premye lè ou fèk ratrape viris sa jeneralman nan laj timoun se varisèl li baw Men viris sa menm ke w fin fè varisèl la li pa soti nan san w li al kache nan rasin nè ki pote enfòmasyon bay sèvo yo sa nou rele nè sansitif yo tankou nè fasyal , trijimo elt..
Nan ka Syndrome Ramsay-Hunt se lè viris sa reyaktive nan nivo selil gangliyonè sansitif Nè Fasyal kay yon paysan ki te deja devlope Varisèl deja li baw sendrom sa. Se yon seri bann ti bouton ki leve nan pòsyon vizaj ki koresponn ak tèritwa Nè fasyal la , paysan an tou ap gen yon paralizi fasyal periferik ki menm jan an tou paysan ka vin gen yon bès odisyon avèk pwoblèm ekilib.
Jeneralman depi paysan an pran bonjan tretman antiretro-viral epi dèfwa Kòtikoyid, tablo klinik nan ap byen evolye.
Kidonk se yon bon nouvèl pou Justin Bieber lè li konnen ke tout sa li santi ak wè sou vizaj li yo pasaje.
Eske w te aprann nan post sa, si wi ede nou pataje l.
Photo: Instagram Justin Bieber
Redaksyon: Dr Ça Me Dit
Dimension: 1200 x 800
File Size: 171.21 Kb
Like (3)
Loading...
3