SANTE
on June 10, 2022
172 views
Resèt natirèl pou anemi :
Koutwazi : Medikaplant
?Pataje ! Pataje ! Pataje pou ede yon lòt fanm
Anemi se bagay ki degoutan, epi anpil fwa li konn difisil pou yo dyagnostike koz la oswa faktè ki kontribiye pou lakoz yon moun vin anemik. Gen plizyè kalite anemi men sa k pi popilè nan kominote nou yo se anemi kote malad la manke fè. Kantite globil wouj (emoglobin) moun ki anemik la ba kidonk yo pa transpòte kantite nòmal oksijèn selil yo pral itilize kòm sous enèji kadav kò a bezwen pou bon fonksyònman l. Nou kwaze ak anpil ka anemi sou wout nou sitou ak medam ki gen fibwòm/andometriyoz ak kèk lòt maladi konsa. N ap gentan fè yon bon ti rale an detay sou anemi men se pa lide pòs sa. Nou pote kèk dòz pou ou itilize pou pran kontwòl bagay yo.
KI JAN POU N BAY ANEMI KÈK KOUT FÈ NAN DADA L?
??Men 3 dòz pou ede nou konbat ak elimine ANEMI + yon DIPLIS:
1) Bwè 1 vè ji navè 2-3 fwa pa semèn pandan 3 semèn (ajen, nan maten san sik san sèl)
2) Labouyi bannann + kawòt + pòmdetè (2-3 fwa pa semèn, 3 engredyan sa yo sèlman)
3) Bouyi pwa nwa, pran dlo pwa nwa sèlman ajoute sik wouj, bwè 2-3 vè pa jou pandan 2 a 3 fwa pou 3 semèn.
DILPIS:
4) Jere nitrisyon w pi byen, gen anpil plant ede kò a rezoud pwoblèm sa. Manje manje ki rich an fè. Plant kou vyann/pwason gen kalte fè pa yo plizoumwens fasil ak mwens fasil pou kò a absòbe. Pa ekzanp ou ka konsome: Lyann panye / Moringa (doliv) / Lalo / Koupye / Zepina / Bon salad fèy vèt, paloud rich anpil epi nou ka trete anemi ak yon dòz konsa. Men se konnen ki fè.
5) Pran Beny Solèy sitou solèy levan pou yon ti tan tou kout, absòbe enèji solèy la nan kò w, kanalize enèji a travèse w. Gen tout jan pou jenere enèji sa ou bezwen an. Granmoun lontan konn sekrè beny solèy la, li chaje benefis se pa jis vitamin D l ap ba w. Li jere tout kalite koze nan tout plan. Gen yon koneksyon ant mank Vitamin D ak anemi. Jere vitamin C w tou byen. Ou ka fè blennde bètrav, kawòt, ti chou Brisèl yo, frèz, Bwokoli, zepina/kale/ets.
Dimension: 610 x 610
File Size: 36.05 Kb
Be the first person to like this.