Posted by
Nahum Music Promo August 28, 2018 -
Filed in
Education
-
976 views
_ LE MYSTÃËRE DE L'APPARENCE _
En 1785 Te gen yon prens ki te a la rechèch yon bon fanm pou'l epouze afen ke li ede'l jere wayòm li , malgre tout kote li pase li pat janm jwen'n ekzakteman fanm li te dezire an ,jiskaske li arive ateri kay yon Dam ki te gen 2 pitit fi e yon lòt demwazèl li te leve depi piti ki te tounen sèvant kay la .
Yon samdi aprè prens lan te voye mande yo otorizasyon pou pase wè yo , e aprè manman Medam yo te aksepte envitasyon an , yo tout lan te chita enpasyan y'ap tan'n vizit prens lan.
Epi nan pita pandan Medam yo ap ap bay avi yo sou yon nouvo rad yo prevwa mete jou ke prens lan ta chwazi sòti avèk yo , se konsa yo tande pòt lan frape
Manman an kouri al ouvri pandan li di :
_Medam ! Medam ! prepare nou se prens lan
_Pi gran an ki rele Daniela kouri leve men'l sou Jasmine ki te sèvant yo epi li di'l ;
_se ouk fè sa wi ! Dat m'ap di'w retire rad yo la ou fè prens lan manke wè yo
Epi Jasmine kouri al met rad lan la ,pandan li kite Daniela avèk Elisabeth ki te dènye an ap bay blag pandan manman yo ap fè prens lan antre .
Aprè prens lan fin'n fè konesans ak yo ,pandan Jasmine ap pase konsa , prens lan di Dam nan :
_Demwazèl sa se pitit ou tou ?
_Dam nan di konsa :
_Non se timoun ki ret avèk nou
Jasmine ki santi'l vekse tou pase tou dwat li sot deyò ,lè'l rive li jwen'n Jeran prens lan ki chita devan karòs prens lan ap ret tan'n li epi Jasmine di konsa :
_Ou rete nan solèy cho an , pouki'w pa chita anndan karòs lan
_JERAN an souri epi li di :
_Non mwen pa gen dwa sa , se prens lan sèlman ki pou otorize'm sa ,bon oumenm pouki'w deyò puiske prens lan anndan an
_JASMINE bese tèt li epi li di :
_mwen se yon sèvant , kisa yon prens pral wè nan mwen la , de tout fason m pa gen foli renmen ak prens ,neg pam nan ap yon nèg charman men se pa kouròn kap justifye'l kel se yon prens men aksyon li
_JERAN an sezi epi li di :
_premye fi nan vilaj lan mwen wè ki pa anvi ak prens lan ,gen lot ki mete yo bel ,atirant jus pou yo kapte rega prens lan
JASMINE di konsa :
_bote m pa supoze kapte rega yon nèg men kalite 'm supoze atire'l avan tou
JERAN an di konsa :
_ou gen rezon , men èske 'm ka devni yon zanmi pou ou ,konsa lem pa okupe m'ka pase wè ou
_JASMINE gade'l epi li di :
_wi , depi'w kon'n fè zanmi
_JERAN an etone epi li di :
_se premye fwa yon fi aksepte pou zanmi'm yo toujou trouve mwen trò raz
_JASMINE tonbe ri epi li di:
_sa ka rive ,men mpa wè sa depi'w janti m'panse sa sufi
_APÃËN JERAN AN PRAL DI'L YON PARÃâL LI WÃË PRENS LAN K'AP PARÃËT AK MOUN YO , EPI LI TOU RALANTI SAN DI ANYEN ,EPI DAM NAN DI BYEN FÃâ:
_kounya ou anpeche nèg lan fè travay li ,fout antre anndan ti pa bon
_PRENS lan di konsa :
_Non , C pa grav , de tout fason li fin'n ta demen ma ba nou yon randevou pou nou vin'n nan chato an
_DANIELA kouri di konsa :
_e kilè'w konte fè yon chwa ant nou 2 an
_PRENS lan repon'n nan 15 jou map di nou
EPI yo souri ,pandan yal depoze'l devan karòs lan ,pandan jeran an ap eseye di yo orevwa ELISABETH repouse'l pandan li di :
_ou tou sal ,ou genlè panse se Jasmine mwen ye
_EPI PRENS LAN DI BYEN FÃâ:
_ey pa touche medam yo Guerlin ! wap peye m sa
_JERAN BESE TÃËT LI PANDAN LI DI:
_dezole mon prince m'pat fèl ak yon move entansyon
EPI PRENS LAN DERAPE ,PANDAN MEDAM YO MENM AP BAY AVI YO DE PRENS LAN ,JASMINE MENM CHITA NAN CHANM LI L'AP PANSE AK FASON DAM NAN AP PLEDE TRETE LI DEVAN MOUN
_EPI NAN DEMEN APRÃË YO FIN'N VOYE ENVITASYON BA YO , MEDAM YO AK MANMAN YO TAL NAN CHATO AN ,PANDAN YO KITE JASMINE NAN KAY LAN , JERAN AN TE TOU PROFITE DE KONJE SA JUS POU'L KA AL WÃË JASMINE
PANDAN JASMINE AP KRIYE KONSA A KOZ DAM NAN TE JOURE'L PASKE LI TE MANDE POU'L ALE TOU JUS POU'L KA WÃË CHATO AN , SE KONSA LI TANDE PÃâT LAN FRAPE , LÃË'L KOURI AL OUVRI LI WÃË SE JERAN AN EPI LI KOURI DI :
_oh , sa'w vin'n fè la ? kot..kot...moun yo
_JERAN an di li konsa :
_pandan yo okupe mwen chwazi vin'n wè ou paskem wè ou pa vini ,mwen di surman ou ka santi ou sèl puiske se jus nan demen yap antre ,men mpa mande pou fèm antre ,nou ka al chita nan antre kay lan pou nou pale
_JASMINE souri pandan li di :
_Mwen ta byen renmen sa ,men mwen plen travay pou'm fè dezole
_Epi jeran an di ,mwen se yon sèvan mwen kon'n fè travay tou ,banm ede'w
MALGRE Jasmine te refize jeran an te arive konvenk li jiskaske Jasmine aksepte epi jeran an antre li ede'l fè travay pandan yo tou tonbe ap fè konesans e bay blag
APRÃË yo fin'n fatige nan fè travay ,jeran an tal chita devan an avèl pandan li di:
_mwen wè sitiasyon'w , antan ke yon moun ki zanmi prens lan mwen ka konvenk li renmen avè'w pou'l ka ede'w paske wap soufri twop sitou ou pa gen pèsòn pou ki ba'w le bra
JASMINE TONBE KRIYE PANDAN LI DI:
_Non ,mwen pa vle moun fèm favè ,mwen vle yon moun ki vle'm pou tout bon ,em pap renmen pou èd men pou lanmou
_JERAN AN DI KONSA :
_si'm te gen posiblite mwen tap epouze'w e few erez
_JASMINE repon'n li :
_se premye fwa mwen jwen'n yon moun sanm ale avèl , pou janw pale ,janw janti mpa kwè se posiblite ki tap enpotan byen kem pa konnen'w plus
_JERAN AN DI KONSA :
_si aprè ou fin'n konnen'm byen ou sur w'ap renmen avè'm ,paske m renmen'w depi premye jou mwen wèw lan ,mwen santi ou se moun pam nan
_JASMINE tonbe ri epi li di :
_wi ,mwen promèt ou sa !
EPI YO KONTINYE BAY BLAG ,JISKASKE JERAN AN DESIDE ANTRE LAKAY LI ,PANDAN JASMINE AP SOURI NAN SOUVNI LI SOT VIV YO
SE KONSA NAN DEMEN MOUN YO TE VIN'N ANTRE ,PANDAN YO WÃË JASMINE TE EREZ SAN YO PAT KON'N POU KI REZON
DAM NAN TE ENPASYANT DE CHWA PRENS LAN TE GEN POU FÃË PAMI 2 PITIT LI YO ,PANDAN JASMINE LIMENM TE PROFITE DE LÃË'L AL NAN MACHE POU JERAN AN PASE WÃË LI E BAL TI BLAG
SE KONSA JOU AN AP PASE JASMINE TE KONFIME KE JERAN AN SE MOUN PA'L LAN , E LI TE SERE VERITE SA POU'L DI JERAN AN SPESYALMAN JOU PRENS LAN GEN POU VIN'N FÃË CHWA LI AN
EPI JOU KI FÃË 15ZYÃËM JOU AN ,MEDAM YO TE METE YO BYEN BÃËL ,PANDAN JASMINE TE ENPASYANT POU'L WÃË JERAN AN ,EPI KÃËLKE ZÃË APRÃË YO TANDE PÃâT LAN FRAPE ,LÃË Y'AL OUVRI YO WÃË SE JERAN AN KI ABIYE BYEN BÃËL PANDAN PRENS LAN TOU SAL ,EPI MEDAM YO ETONE PANDAN DAM NAN DI :
_Oh mon prens ,pouki ou kite vye neg sal sa pot vetmanw yo ,pandan ou bal vètman chè ou yo
JERAN an kouri repon'n :
_Dezole madam ,se mwen ki prens lan ,e se misye ki jeran an ,m te oblije pran plas li unikman pou'm konfime'm ke chwa mwen pral fè an ap an favè'm e chwa mwen fè an se JASMINE ke li ye
_YO TOUT LAN TE SEZI ,PANDAN JASMINE TOU ENDISPOZE ,EPI PRENS LAN KOURI POTE LI PANDAN LAP BOUSKILE DAM NAN EPI LI DI:
_si'w vle wa vin'n wèl nan chato an ,e mande pemisyon avan paske se li ki pral prensès lan trè byento
_DAM NAN RET BOUCH OUVÃË PANDAN MEDAM YO AP KRIYE ET JOURE LÃâT
LÃË Jasmine reveye ,li wè'l anndan chato an pandan plen moun antoure li ,lèl resi wè klè li di sa map fè la
EPI prens lan lonje yon bag ba li pandan li di:
_dezole sim te pase pou yon lot moun ,men apre tout rechech ke mwen fè m'reyalize ke se ou ki merite bag lan
_PANDAN JASMINE PRAL PALE PRENS LAN KOURI FOURE'L NAN DWÃËT LI PANDAN LI DI:
_mwen konnen'w renmen'm pou moun mwen ye an pa pou tit lan ,stp pa di anyen ankò jus di wi ou aksepte
_JASMINE di an souriyan:
_ou deja fourel nan dwet mwen kidonk mwen aksepte ,e mwen te vle di'w sa menm jodi an
_PRENS LAN KOURI ANBRASE'L PANDAN TOUT MOUN AP APLODI .
SE KONSA JASMINE TE SÃâTI NAN MIZÃË E DEVNI YON PRENSÃËS , PASKE LI PAT RENMEN GADE MOUN SOU APARANS KIFÃË JOUNEN JODI AN YON JOLI SÃËVANT KA DEVNI YON BÃËL PRENSÃËS.
FIN......
Pa juje yon moun sou po li , juje'l selon paròl li ,juje'l a travè konpoteman li paske se pa tout prens ki mache ak tout kouròn li , e se pa tout pòv ki mache ak kui li.
"Pa janm minimize yon moun ou pa janm konnen demen ki sa lap devni nan lavi."
PA JANM DEKOURAJE NAN LA VI OU PA JANM KONNEN DEMEN KISA W'AP VIN'N YE KENBE DIYITE'W E PRAN PASYANS BONDYE AP AJI POU OU.
Ãâ°CRIT PAR : La Poetesse Tracy
Francois Cycy Tracy