nahum lallemand
by on June 2, 2022
599 views
Pouw prepare yn bon pikliz kisa wap bezwen?
Wap bezwen chou
Wap bezwen piman pike
Wap bezwen piman dous
Wap bezwen zonyon
Wap bezwen pèsil
Wap bezwen sel
Wap bezwen vinèg
Wap bezwen zoranj su
Wap bezwen karot rache ou san rache wa rape nan yn rap
Wap bezwen maggi
Pa bliye lave tout sa wap itilizel yo
Wap bezwen yn ti echalot
Preparasyon:
Wap rape chou an
Wap koupe zonyon an jilyèn ou an rondèl fom ou renmen an
Ni pimandous lan tou c menm jan wap fel ak zonyon an
Apresa wap pile piman pike an ak maggi an ni sel la sil se gwo sel
Wap prepare asid lan tou
Nan asid lan wap mete piman pike ou pile an ak tout lot sa kite pile ladanl lan
Lèw fini wap rache yn ti echalot mete ladanl
Lèw fini ou melanje yo tt ansanm pouw jwenn yn bon rezilta moun mw yo.
Yn bon pikliz pap deranjew nan fritay ou an
Manjel byen moun mw yo ?
Posted in: Recipe
Like (3)
Loading...
You and 3 others
jessica philias
Merci paskem jwenn aksè poum aprann pi plus
June 4, 2022
jessica philias
m pap janm di anyen ankor sou app sa
1
1
June 4, 2022
nahum lallemand
Radot
June 4, 2022
jessica philias
ki koze sa pou mw svp
June 4, 2022