Tonto
by on May 4, 2022
609 views
Sea Moss = Mous Lanmè
Tout moun ta dwe yon fwa konsome mous lanmè
Se youn nan SipèPlant sou latè. Li nan tèt lis pami tout lòt plant puisan yo. Gen plizyè varyete mous nan medsin fèy Ayisyen an genyen kèk mous nou konn itiliz men se pa tout moun ki konn sekrè sa yo. Nan lòt peyi gen mous (Moss) ki popilè anpil tankou "Irishmoss" sitou akoz richès li genyen kòm Sipèplant "alkalin." gen rechèch ki revele li gen 92 nan 102 mineral fondamantal kò moun bezwen, yon palmarès ki kalifye l nan menm nivo echèl ak moringa pa ekzanp. Plant sa yo se plant kle pou sante nou. Si w ap batay ak maladi ki pa trete tankou kansè, "irishmoss" se youn nan plant pou w entegre nan rejim alimantè w menm jan ak moringa.
Doktè Sebi kontribiye nan popilarize plant sa anpil men li te toujou la plizyè milenè anvan misye. Gen anpil plant nan lanmè nou itilize nan Medsin fèy men konesans sa yo plis sekrè epi swadizan disparèt men tout bagay la, y ap refè sifas, y ap reparèt sou platfòm Medikaplant.
Bab Panyòl se yon mous (moss) tou men l pouse sou pyebwa pa anba lanmè. Fòk nou konn ki kalite mous pou n itilize paske genyen ki toksik pu kò nou.
Devwa nou se pou nou ale chache benefis plant sa epi poste li anba pòs sa. Itilize motè rechèch tankou Google pou nou fè sa. N ap gen chans aprann plis epi dekouvri plis bagay. Tanzantan Mediakaplant ap pote plis kichòy pou nou. Sonje remèd fèy pa limite ak yon peyi ni ak zòn lakay ou. Tout latè a gen plant e tout la pou sèvi nou.
Posted in: Recipe, Health
Like (5)
Loading...
5
jessica philias
Poukisa li bon svp?
May 4, 2022
Cinette Boss-lady
Li gen anpil vitamin
1
1
August 9, 2023
nahum lallemand
Frenk manje bagay la yo diw fout
August 9, 2023
jessica philias
manjel lan red wi mezanmi anmweyyyy 😂😂😂😂
1
1
August 9, 2023
nahum lallemand
se pa manjel la se jwen li a se jwen li a ki pa fasil
August 9, 2023
jessica philias
moun ki ap peche yo ki ka few jwenn li Moun kap kenbe lambi yo
August 9, 2023