Tonto
by on April 28, 2022
569 views
DÒZ POU BANN | BÈK ATÈ | LIBIDO | ANDIRANS | STAMINA
? ?? Monte boutèy sa nèg Mòlòlò Bonjou Pwèl yo:
Men engredyan ou bezwen pou w mete nan on boutèy ou bokal kristal w ap monte pou ede w ak pwoblèm 1 minit la lè w ap fa ak boubout ou.
ENGREDYAN AK DETAY: Chache Ten Savann (orèg mawon | Damiana) melanje ak anpil jiwòf (sa se kle), kèk grenn miskad pa kraze yo twòp, jenjanm, asowosi, safran, ti pwav, doliv (moringa), mete yon ti kal fèy twonpèt, achte bwa kochon, grenn melon ak grenn joumou, lyann bande, zo devan, 3 pawòl, zokrikri, kanèl, vlope bazilik frèch fouye nan boutèy la, anetwale, kòs bwadòm, kòs zaboka, lyann savon, kòs tamaren, sitwonèl kòs mabi, 1 bout bwapen, mete yon ti kadav gate ladan l. Graje yon ti annikòn mete nan boutèy la.
Mete tout nan boutèy, lage ti madè ladan l, ti diven wouj, epi vide bon kleren move ladan. Lese l masere nan boutèy la pou omwen 10 jou anvan w ale ladan l. Si l rete pou 21 jou li bon nèt. Mete boutèy la nan lonbray ou fènwa kote solèy p ap jwenn li. Pa ekzanp anba kabann, tèt kabann, amwa, kabinèt, ets...
? ?? Pataje! Pataje! Pou ede yon nèg sispann wont!
Lòt plant afwodizyak ou ka ajoute ou konsome pou mete w sou sa:
ENGREDYAN: Lametye, woukou, lyann legliz, bwa nan bwa, sèpantye, bazilik, pwa grate, malonmen.
Nou ka pran yo sou fòm te oswa nou ka mete yo nan boutèy kleren. Si w konnen w alèji ak yon plant pa itilize l, si w nan medikaman doktè chache konn si w ka pran plant sa yo. Pran responsabilite w pou enfòme w sou chak plant w ap konsome. Sa pa angaje nou, entènèt la la pou sa oswa kontakte pwofesyonèl sante.
??. FÈ JI GASON KANSON pou bwè ak melanj kèk nan fwi sa yo: Tamaren - jenjanm - Melon - Bètrav - kawòt - Grenadya - pòmgrenad. Ajoute ti poud miskad ak kanèl si w genyen. Pran l ak siwomyèl. Si w lòt bò w pa jwenn poud Maca ajoute ladan l. Ou ka toujou mete poud moringa paske l pi fasil pou jwenn oswa ou ka konpoze poud ou, seche fèy yo epi pile yo.
PLANT BANN POU DYASPORA Sitou USA:
Yohimbe, Maca, Horny goatweed, Ginger root, Nutmeg (miskad), Cloves (jiwòf), Chinese red ginseng, Ginkgo Biloba, Damiana, Sarsaparilla, Tribulus,Bitter Kola, cat's claw, Saw palmetto...
Nou ka fè te ak yo oswa tonkti, mete nan boutèy ou bokal plastik lese tranpe nan ti kleren (vodka, Wonm).
Diplis: Yon ti poud jiwòf tranpe nan yon ti kleren, yon ti tan anvan aksyon an, ap ede w bay anpil gòl. Yon ti rasin ten savann (damiana) tranpe nan yon ti gwòg di ak yon ti miskad ap mete w djanm.
#Medikaplant | #Bann | #Libido | #Andirans
Posted in: Recipe, Health
Be the first person to like this.