Tonto
by on April 28, 2022
563 views
Dèyè Do: Plant Kle Kont Pyè nan Ren ak Anpil Lòt Maladi
Non syantifik li "Phyllanthus niruri L."
Non Anglè: Gale of the wind, Stonebreaker oswa Seed-under-leaf
Non Panyòl: Chanca piedra
Pòtigè | Brezil: Quebra-pedra
Anpil moun wè l men yo pa okipe l. Se pa yon raje li ye. Se youn nan plant mirak ki gen sou latè. Ti grenn yo pouse dèyè do l, se la l jwenn non an.Sa ap ede w distenge l ak moringa (doliv) ou flanbwayan ki fè gwo pyebwa. Pou dozaj ak resèt, ak prensip plant sa, w a ekri n. Se yon gwo zouti nan konba remèd fèy antikowona a. Gen twòp bagay pou di.
Men Kèk Bagay Plant sa Ka Fè:
- Kolestewòl: Lè w manje sa, li bese nivo move kolestewòl ak lipid nan san nou,
- Pyè nan Ren: Se pou eliminasyon pyè nan ren plant sa plis popilè nan anpil medsin tradisyonèl. Kont pyè nan ren plant sa ka fè mèvèy. Ou ka fè enfizyon, 2-3 tas pa jou pandan 15-21 jou, ou ka melanje l ak 2-3 fèy lougawou.
- Fransè yo itilize l pou fasilite eliminasyon likid atravè ren yo. Yo klase l pami espesyalite famasetik Pilosuryl.
- Nou ka fè manje ak li tankou jan nou konn itilize lyann panye ak doliv (monringa) nan manje, nan diri, mayi kole, soup, elatriye, kont maladi sik oubyen kont pyè nan ren.
- Li pwoteje fwa nou
- Bon pou Sante Vant nou: san l pa afekte bakteri ki itil sistèm dijestif la, li reyisi li bloke kwasans elikobaktè pilori (bakteri ki jouke nan vant nou pafwa epi ki lakoz ilsè)
- Antikansè | antifonjik | antiviral | antibakteryen
- Lafyèv ak Malarya: Bouyi fèy la fè beny, pran anpe pou bwè kòm te pou kwape lafyèv ak malarya. Ou ka pile 3 ponyen mete l nan mitan tèt ou, mare l ak yon konprès. Plant sa gen twòp mirak li ka fè men li popilè anpil tou nan ka eliminasyon lafyèv.
DIPLIS:
Men kèk lòt bagay nou ka itilize plant sa:
- Detòks pou netwaye kò nou: Plant ak fèy la fè 1 tas te, 3 fwa pa semèn X 2 semèn.
Dyabèt ak Opresyon: Detoksike kò a, branch lan ak tout fèy bouyi pou konbat opresyon ak dyabèt.
- Manman ki Manke Lèt: Pile rasin nan mete nan lèt bay fanm nouris ki pa bay ase lèt.
-Li fè mirak nan trete lafèv ale vini - larat - fè w pipi
- vant fè mal, pwoblèm gaz - balonnen; bouyi tou plant lan nèt pou sa.
- Li sere ak manyetize tisi nan kò nou yo djougan djougan. Ou ka pile plant lan epi pran ji a kòm tonik pou manbre fonksyon ògan yo.
-Enflamasyon: Pile dèyè do a epi pran ji plant lan tanponnen arebò kont anflamasyon nan je;
- Jonis: rasin nan konbat jonis
- Parazit: Elimine tout parazit ki nan kò nou ak sou oswa nan po n.
__________________//////___________///////___________________
#Medikaplant | #DèyèDo | #pyè_nan_ren
--> Sipòte #Medikaplant lè w envite plis zanmi abòne ak paj la olye yo jis vin konsome men yo ede paj la rive jwenn plis moun pou sove lavi plis moun san yo pa egoyis.
Posted in: Health
Be the first person to like this.