Tonto
by on April 21, 2022
372 views
Resèt Kibi Ble
Kisa wap bezwen siw anvi manje yn bon kibi byen gou?
Engredyan:
Wap bezwen ble an 2 tas
Vyann mouli 1L1/2
Zonyon
Pimandous
Pwav moulen
Lay an poud et lay moulen
Jirof moulen
Piman pike moulen ou an poud
Lwil
Sel
Sitron
Sos tomat yo konn fe lazanya
Yn ti bè pou fè fas lan
Pèsil
Epi epis an poud ou konn itilize lakay ou
Preparasyon:
Wap mete ble an tranpe depi nan aswe poul ka byen tranpe pouw ka fe yn bon kibi
Wap rache zonyon an an peti de ni pimandous lan tou
Pouw fè fas lan wap pran yn prelon ou metel sou dife ou mete bè a ladanl, ou kitel fonn apresa ou mete zonyon rache an ladanl ou kitel kristalize nan bè an ou
ajoute lay moulen ou pile ou te genyen an ou nan prelon ki sou dife a apresa ou ajoute 1/4 nan vyann nan lèw fini ou fe yn ti kitel sou dife a ou ajoute mwatye nan tout epis ou te genyen pouw fel la.
Mezi epis yo se yn kiyè nan chak se nan kiyè yo wap pran mwatye pouw fe fas lan sof lay moulen ou pila a wap mete tout nan fas la,apresa wap ajoute pimandous lan nan fas la tou
Apresa wap koule ble a nan yn paswa res vyann nan wap ajoute yn sitron ladanl ak nan epis yo et wap epise ble a tou ak res epis kite rete yo lèw fin epise yo chak wap melanje yo ansanm pou jous yn fe yn sel,sa wap melanje an se ble a ak vyann nan.
Lèw fin fè fas la ou metel atè
Epi moun mwen yo ou pral prepare Kibi w la pouw ka fril.
Pou fom kibi a se ak men wap fel se sa ki koz menw dwe byen pwop.
Wap pran yn kwiyè ou rantrel nan ble a pouw ka pran kantite wap mete nan menw lan pouw fe yn grenn
Wap roulel nan menw et ou dwe gen yn ti dlo pouw ka mouye menw detanzantan lèw fin roule ou rantre dwat ou ladanl pouw pèsel nan mitan pouw ka mete fas la andan l moun mw yo epi ou itilize menm dlo sa ankor pouw ka ranje Kibiw la poul pa gaye nan lwil la lè lap fri.pou fini fok lwil la byen cho et fok lwil la ka kouvri Kibi an tou.
Nb:lè wap mete Kibi an desann nan volume dife an. Pa bliye Kibi manje avek sitron.
Posted in: Recipe
Be the first person to like this.